Spay Neuter Miami Foundation Ap Patwone Operasyon Gratis Pou Esterilizasyon/Chatre Pou Chyen Ak Chat
Grasa sipò ak inisyativ Spay Neuter Miami Foundation, operasyon gratis pou chyen ak chat ap disponib chak samdi nan mwad me epi operasyon gratis pou chyen ak chat ap disponib jou samdi 26 me pou rezidan yo nan Konte Miami-Dade. Operasyon yo ap fèt nan Joseph Caleb Center sitiye nan 5400 NW 22nd Avenue, Miami, Florid 33142. Anba direksyon Majistra Carlos A. Gimenez ak sipò Komisyonè Audrey M. Edmonson, Depatman Sèvis Zannimo Miami-Dade, an patenarya ak The Cat Network, pral fè operasyon esterilizasyon ak chatre gratis yo. Ak lajan ki resevwa nan men ASPCA® yo, yap bay vaksinasyon gratis pou laraj, maladi kare kanin ak vwa respiratwa siperyè felin a tout bèt ki vin fè operasyon. Bèt yo ap tou resevwa prevantiv pou pis ak tik ansanm ak yon mikwochip elektwonik gratis, kolye ak meday idantite. Valè estime sèvis sila yo ak pwodwi pou chak chyen depase $400 e pliske $250 pou chak chat. Randevou ap nesesè epi w ka rele 3-1-1 pou randevou.
Chak ane, abri zannimo a voye anviwon 30,000 bèt nan peyi san chapo. Objektif Sèvis Zannimo se pou reyini bèt ki pèdi yo ak fanmi yo oswa jwenn fwaye pèmanan pou otan nan bèt yo posib. Pou plis enfòmasyon, ale sou Animal Services oswa rele 3-1-1.
Spay Neuter Miami Foundation te kreye pou adrese sous pwoblèm sipopilasyon zannimo yo epi prevni nesans zannimo ke moun pa vle yo. Pou plis enfòmasyon, ale sou a Spay Neuter Miami.