For Immediate Release:
March 18, 2009

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Vant Ozancheè Taxicab Medallion

 


(Miami-Dade County, FL) -- 
Grefye Tribinal yo pral fè yon vant ozanchè (auction) ouvè a piblik la pou Lisans Taksikab (Taxicab license) No. 3440 de Konte Miami-Dade.  Evennman sa a ap fèt a 11è dimaten, jou lendi 6 avril la nan 140 W. Flagler Street, Room 908, anba lavil Miami.

Pou w elijib pou achte lisans taksikab la, ke yo rele tou medayon (medallion), konpayi an oswa moun ki plase pi gwo miz lajan an dwe ranpli tout kritè Kòd Lwa Konte Seksyon 31-82 egzije. Gayan vant ozanchè an fèt pou peye senk pousan (5%) de total lajan mize disi 3è lapremidi jou vant ozanchè (auction) an, epi peye rès la nan lespas de sèt (7) jou ouvrab de jou lavant la.  Si konpayi oswa moun ki mize plis lajan an pa peye rès balans lajan an nan tan limit yo ba li a, moun la oswa konpayi a fòfè otomatikman lajan depo garan senk pousan yo te peye nan vant ozanchè (auction) an.

Moun ki genyen nan vant ozanchè an va aplike nan Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade (Consumer Services Department) pou detèmine ke yo konfòm ak Kòd Konte an nan lespas de dis (10) jou de dat lavant la. Moun la oswa konpayi an va genyen katrevendis (90) jou pou li kalifye ak /oswa transfere medayon an a yon chofè lisans taksikab.

Pou kapab mize lajan (bid)nan vant la, patisipan yo dwe pote vini yon kat didantite valid ak foto (Kat Eta a oswa lisans kondwi, paspò).Pa genyen eksepsyon. Peman yo dwe fèt ak yon chèk kès labank dapre Seksyon 45.031 Lwa Florid ak Seksyon 31-82(r)(8)(i) de Kòd Lwa Konte Miami-Dade.  

Pou plis enfòmasyon sou egzijans etabli nan Kòd Konte a, tanpri kontakte Raul Gonzalez nan Depatman Sèvis Konsomatè yo nan (305) 375-5801.


 
Who: Miami-Dade Clerk of the Courts

What:Vant Ozanchè Taxicab Medallion Auction

When: April 06, 2009, 11:00 a.m.

Where:140 W. Flagler Street, Room 908
Anba lavil Miami


 

About CSD
The Miami-Dade Consumer Services Department (CSD) investigates and mediates consumer complaints, enforces the County's consumer protection laws and business regulations, and licenses certain businesses.  In addition, the department's Cooperative Extension Division provides technical assistance to commercial agricultural growers, backyard gardeners, homeowners, and manages youth and family development programs.  The department also educates consumers on issues that affect them and provides resources to the public to improve their quality of life.


# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT