Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Consumer Services
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Consumers | Businesses | About Us | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Consumers space
  • Consumer Protection Laws
  • Domestic Partnerships
  • Identity Theft
  • File a Complaint
  • Complaint Forms
  • space
    Businesses space
  • Who We License
  • Business Requirements
  • License Application Forms
  • Industry Notices
  • space
    Educational Programs space
  • Small Claims Court Clinics
  • For-Hire Chauffeur Training
  • Cooperative Extension
  • Request a Speaker
  • space
    About Us space
  • News Releases
  • Photo Gallery
  • ConsumerWise
  • Calendar of Events
  • space
    space space
    Print Print Email this page E-mail Page Contact Webmaster Contact Webmaster Bookmark and Share
    space
    space
    Prepare pou Tranzisyon DTV

    Kisa ki tranzisyon DTV?

    A minwi 12 jen 2009, tout estasyon televizyon Ozetazini pral sispann emèt pwogram yo nan sistèm analòg la epi yap chanje a sistèm dijital la pou emèt pwogram yo. Se sa ki rele tranzisyon TV dijital, oswa DTV.

    ^TOP


    Ki avantaj DTV?
    • Amelyorasyon nan kalite imaj ak son
    • Plis chwa nan pwogramasyon
    • Sèvis data ak videyo entè-aktif
    • Pral libere ond emisyon yo pou kominikasyon fòsdelòd yo, tankou lapolis, depatman ponpye yo, ak inite pou entèvansyon anka dijans yo
    • Pral libere ond emisyon yo pou konpayi yo ki bay sèvis san fil entènèt yo, tankou sa ki rele "wireless broadband" la

    ^TOP


    Kouman pou mwen konnen si mwen genyen yon televizyon analòg oswa dijital?

    Plizyè DTV ak ekipman televizyon dijital pral genyen de etikèt sou yo oswa, oswa jis make sou yo, oswa nan livrè enfòmasyon ki vinn avèk yo, ki va endike ke yo genyen sentonizè dijital yo. Etikèt yo oswa yo va make ak pawòl sa yo "Integrated Digital Tuner," "Digital Tuner Built-In," "Digital Receiver," oswa "Digital Tuner," "DTV," "ATSC" ( pou Advanced Television Systems Committee), oswa "HDTV" (High Definition Television). Si ekiman televizyon w an ta genyen oswa make ankenn nan pawòl sa yo, wap kapab gade pwogramasyon dijital san nesesite pou w ta genyen yon bwat espesyal pou konvèti dijital la a sistèm analòg televizyon ou la..

    Si televizyon ou la make "Digital Monitor" oswa "HDTV Monitor," oswa kòm yon "Digital Ready" oswa "HDTV Ready," sa pa vle di ke li reyèlman genyen yon sentonizè dijital. Kidonk, li byen sanble ke wap bezwen yon bwat espesyal ki genyen yon sentonizè dijital ladan li pou w kapab gade emisyon pwogram dijital yo sou lèzond. Oswa enskri pou sèvis televizyon pa kab oswa satelit.

    Si aparèy televizyon ou lan make "analog" oswa "NTSC," epi li PA make ke li genyen yon sentonizè dijital, ki vle di li genyen yon sentonizè analòg sèlman.

    Si w genyen kèk ane depi w achte yon nouvo televizyon, se posib ke televizyon ou lan analòg.

    ^TOP


    Si televizyon mwen an analòg sèlman, kisa pou mwen fè?

    Moun ki depann sou antèn yo (menm antèn eksteryè yo ak sa de branch yo) pou ede yo resevwa siyalizasyon emisyon yo nan aparèy televizyon ki genyen sentonizè analòg sèlman pral bezwen yon bwat espesyal pou konvèti dijital a analòg pou gade televizyon. Bwat sa yo resevwa siyal dijital yo epi yo konvèti yo a sistèm analòg la pou imaj yo kapab parèt sou televizyon analòg yo. Aparèy analòg yo ki konekte sou yon bwat konvètisè pral montre imaj emisyon dijital yo, men li pap nesesèman nan fòma antye kalite dijital orijinal la.

    Yon televizyon ki konekte sou kab, satelit oswa nenpòt lòt sèvis peye, pa oblije genyen yon bwat konvètizè epi lap kontinye resevwa siyal emisyon televizyon.

    Konsomatè yo ki gen televizyon analòg gen yon varyete de chwa. Chwa sa yo enkli eksplore:

    • Kenbe televizyon analòg w an epi jis achte yon bwat konvètisè televizyon. Bwat la konvèti siyal dijital la a siyal analòg pi li ploge nan televizyon ou la pou li kapab kontinye mache apre 12 jen 2009, oswa
    • Konekte sou kab, satelit oswa lòt kalite sèvis peye, oswa  
    • Achte yon televizyon ak yon sentonizè dijital.

    ^TOP


    Ki kote map kapab achte yon bwat konvètisè televizyon?

    Yap atann yo aske bwat konvètisè televizyon yo va disponib apati mitan fevriye 2008 la nan magazen yo kote yo dabitid vann aparèy elektwonik yo. Gouvènman federal la ap sètifye magazen yo pou yo kapab vann bwat yo. Anvan w achte bwat konvòvètisè w la, li ta bon pou w rele magazen an anvan pou konnen si yo genyen bwat konvètisè ki disponib.

    ^TOP


    Kisa ki  pwogram koupon Federal pou bwat konvètisè?

    Kongrè an te kreye yon Pwogram Koupon Federal Bwat Konvètisè Televizyon pou fwaye fanmi ki vle kenbe ansyen televizyon analòg yo apre 12 jen 2009 la. Pwogram la pèmèt chak fwaye Ozetazini resevwa jiska de koupon, chak pou yon valè de $40, ki va sèvi pou achte bwat konvètisè yo ki elijib nan pwogram la.

    ^TOP


    Konbyen yon bwat konvètisè pral koute?

    Lè bwat konvètisè televizyon yo disponib, magazen yo va etabli pri yo. Yap atann yo aske bwat konvètisè yo koute ant $50 ak  $70. Gouvènman federal pèmèt chak fwaye Ozetazini jiska de koupon $40 chak pou ede peye frè pou achte bwat konvètisè an. Apreke yo aplike pou koupon an, magazen yo va chaje konsomatè yo pou balans rete an ki va ant $10 ak $30. Epitou, konsomatè yo va responsab pou peye nenpòt taks sou lavant pou bwat la.

    ^TOP


    Kouman pou mwen aplike nan pwogram koupon Federal la?

    Genyen kat fason ke wap kapab mande pou yon koupon, depi genyen disponib toujou, apati de kounyeya jisko 31 mas 2009:  

    • Aplike sou entènèt la nan www.dtv2009.gov
    • Rele Liy 24 sou 24 Pwogram Koupon an 1-888-DTV-2009 (1-888-388-2009), TTY 1-877-530-2634
    • Poste aplikasyon koupon an nan: PO BOX 2000, Portland, OR 97208-2000.
    • Telechaje yon Aplikasyon Koupon nan  www.dtv2009.gov.
    • Fakse yon aplikasyon koupon nan 1-877-DTV-4ME2 (1-877-388-4632)

    Koupon an vini nan yon fòma an plastik tankou yon kat kado magazen yo sèvi. Koupon an va ekspire nan 90 jou pare ke yo poste li ba w epi w pap jwenn yon kat an ranplasman  si kat la ekspire oswa pèdi.

    ^TOP


    Si televizyon mwen an dijital, sa pou mwen fè?

    Anyen. W pre pou tranzisyon an.

    ^TOP


    >Ki sa pou mwen konnen anvan machte yon nouvo televizyon?

    Asire w ke li genyen yon sentonizè dijital. Tcheke etikèt yo sou bwat la. Verifye sa ak komi magazen an.

    Dapre lalwa, apati de 1 mas 2007, tout aparèy reseptè televizyon (enkli TV, VCR, DVR, elatriye) ki enpòte nan Lèzetazini oswa ekspedye pou komès entè-eta yo fèt pou genyen yon sentonizè dijital. Magazen yo gen dwa kontinye vann aparèy ki analòg sèlman yo ki te deja nan depo yo, men se pou akote etalaj la oswa kole kole ak etalaj la yo mete yon pannkat ki pou avize achtè yo, konsomatè yo ak Alèt Konsomatè sa-a:

    Alèt Konsomatè
    Reseptè televizyon sa-a genyen yon sentonizè analòg sèlman kidonk, apre 12 jen 2009, li pral bezwen yon bwat konvètisè pou li kapab resevwa emisyon sou lèzond ak yon antèn paske Nasyon an an antye ap fè tranzisyon / chanjman a emisyon dijital. Televizyon ki analòg sèlman yo ak kapab kontinye fonksyone depi yo konekte sou sèvis kab oubyen satelit, konsòl jwèt yo, VCR yo, aparèy DVD yo, ak lòt menm kalite aparèy sa yo. Pou plis enfòmasyon, rele "Federal Communications Commission" nan 1-888-225-5322 (TTY: 1-888-835-5322) oswa vizite sit wèb sou televizyon dijital "Commission" an sou: www.dtv.gov.

    ^TOP


    Ki kalite aparèy televizyon dijital ki genyen sou mache an?

    Genyen tout yon varyete de ekran DTV pou w kapab chwazi. Jodiya, premye chwa yo se: ekran "Cathode ray tube (CRT) screens" yo -- eklran televizyon koulè tradisyonè yo ke yo mete ajou pou dijital; Televizyon "Rear Projection" -- televizyon "rear projection" yo kapab kreye de imaj ki pi briyan nan yon gwo ang sou ekran ki gwo anpil yo; ekran LCD yo -- trè mens epi pwodwi de imaj ki ekstrèmeman klè men aktyèlman yo trè chè epi limite nan gwosè yo; ekran "Plasma" yo -- kreye yon imaj briyan epi trè klè sou gwo tele yo ak tout ke li trè mens.

    Genyen plizyè nivo kalite pwogramasyon televizyon dijital. Sa ki pi popilè yo se:

    • Standard Definition TV (SDTV) -- SDTV se nivo de baz kaliote prezantasyon ak rezolisyon pou ni analòg ni dijital. Transmisyon SDTV gen dwa fèt ni tradisyonèl  (4:3) oswa gran ekran fòma (16:9) .
    • Enhanced Definition TV (EDTV) -- EDTV se yon nivo anplis Televizyon Analòg. EDTV vini an 480p gran ekran (16:9) oswa fòma tradisyonèl (4:3) epi li bay pi bon kalite imaj ke SDTV, men pa osi fò ke HDTV.
    • High Definition TV (HDTV) -- HDTV an fòma gran ekran (16:9) bay pi gwo rezolisyon ak kalite imaj ke tout lòt fòma dijital difize. An konbinezon ak sistèm teknolojik son dijital, aparèy HDTV yo etabli nouvo estanda pou kalite imaj ak son nan televizyon. (Note: HDTV ak Televizyon dijital se pa menm bagay -- HDTV se yon fòma de Televizyon Dijital.)

    ^TOP


    Kisa mwen dwe fè si televizyon mwen konekte sou sèvis kab oswa satelit?

    Abòne kab oswa satelit yo kapab bezwen de nouvo ekipman DTV pou kapab gade pwogram an DTV yo an fòma DTV. Se pou w mande konpayi kab oswa satelit w an kisa w pral bezwen. Depandan de sèvis w an, w gen dwa oblije enstale yon bwat konvètisè sou konsòl w an. Konpayi kab w an va detèmine frè w yo pou sa.

    ^TOP


    Konsènan aparèy VCR, DVD, Kamera videyo, ak konsòl jwèt mwen an? Èske map kapab sèvi ak yo?

    Wi. Aparèy televizyon dijital yo se sa yo rele "backward compatible," ki vle di ekipman analòg ki deja egziste yo (aparèy VCR, DVD, kamera videyo, jwèt videyo, elatriye.) ap mache sou aparèy televizyon dijital yo. Mèzalò, imaj videyo yo va prezante nan maksimòm rezolisyon ki disponib pou chak pwodwi analòg. Manifakti yo pwodwi divès kalite koneksyon ki pou branche ekipman yo ansanm epi amelyore kalite imaj ak son yo lè se televizyon dijital  ke w mete ekipman analòg sa yo. Tcheke ak magazen an pou detèmine ki kalite koneksyon ki va mache ak ekipman w yo.

    ^TOP


    Kiyès mwen ka kontakte lokalman pou plis enfòmasyon?

    Depatman Sèvis Konsomatè
    Depatman Sèvis Konsomatè chita nan 140 W. Flagler Ave., Suites 901-904 Miami, Florid 33130

    Orè Depatman Sèvis Konsomatè se de 8 a.m. - 5 p.m., Lendi-Vandredi.

    Telefòn: 305-375-3677

    ^TOP


    space
    space
    Valuable Resources

    Consumer Links
    Tips for Consumers
    Recalls and Product Safety News
    Video Gallery
    Miami-Dade County Code
    Accessible Taxicab Service
    Taxicab Driver Resources and Information
    Taxi Stand Locations Requires Adobe Acrobat Reader
    Disaster Prevention / Management
    The Florida Channel
    Miami-Dade County Law Library
    En Español
    En Kreyòl
    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2009 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo

    You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.

    Please click 'OK' to be sent to the new site.