|
(Miami-Dade County, FL) -- Manm yo de Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade ak Reprezantan Depatman Sèvis Konsomatè an kap remèt prim Chofè de Lane 2008 la a chofè taksi Frantz Rinville jou 12 me 2009 la. Yo te rekonèt sèvis Rinville lè li te asire sekirite ak konfò yon gwoup pasaje nan Ayewopò Entènasyonal Miami ki te bezwen sèvis taksi ak chèz woulant yo.
Direktris Cathy Grimes Peel de Depatman Sèvis Konsomatè di konsa, "Mr. Rinville se yon egzanp li ye pou tout moun nan sektè taksi an. Li vreman fè tout sa posib pou ede gwoup pasaje enfim sa yo jwenn transpòtasyon epi asire ke yo pase yon bon sejou nan Miami-Dade, li menm pèdi kous pou lie de yo". "Li reprezante kalite atitid ke tout chofè yo dwe genyen lè yap bay touris nou yo ak rezidan nou yon an kominote sa a sèvis yo."
Pwogram Ankourajman Chofè Taksi an te kreye an 1998 pou rekonpanse chofè ki bay bon kalite sèvis. Anplis de prim Chofè di Trimès la, yo chwazi yon chofè pou prim Chofè de Lane. Se pasaje yo ak lòt chofè taksi yo ki bay nominasyon chofè yo.

Manm yo de Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade ak Reprezantan Depatman Sèvis Konsomatè an kap remèt prim Chofè de Lane 2008 la a chofè taksi Frantz Rinville jou 12 me 2009 la.
Nan foto an degòch a dwat se Komisyonè Natacha Seijas de Distrik 13 nan Konte Miami-Dade; Frantz Rinville, Chofè de Lane, pitit fi li Daphnee Rinville; Komisyonè Carlos A. Gimenez, Distrik 7; Direktris Cathy Grimes Peel, depatman Sèvis Konsomatè; ak Komisyonè Joe A. Martinez, Distrik 11.
About CSD
The Miami-Dade Consumer Services Department (CSD) investigates and mediates consumer complaints, enforces the County's consumer protection laws and business regulations, and licenses certain businesses. In addition, the department's Cooperative Extension Division provides technical assistance to commercial agricultural growers, backyard gardeners, homeowners, and manages youth and family development programs. The department also educates consumers on issues that affect them and provides resources to the public to improve their quality of life.
|