For Immediate Release:
December 12, 2007

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade lanse yon alèt a konsomatè yo pou mouch blan yo


(Miami-Dade County, FL) -- 
Resaman yon enfestasyon de yon nouvo ras mouch blan, ki ap atake pye fikis yo ak kloti vif yo toupatou nan konte an mete konsomatè yo tèe anba nan chèche jwenn fason pou kontwole ensèk sa yo epi sove plant yo. Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade vle konsomatè yo fè byen atansyon anvan yo siyen ankenn kontra ak ankenn konpayi ki pwomèt rezoud pwoblèm la ak ensektisid yo.

Direktris Cathy Grimes de Depoatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade la tap esplike, “Se pou konsomatè yo trè vijilan anvan yo siyen yon kontra alontèm ak konpayi yo epi pou yap peye de santèn de dola a konpayi sa yo pou aspèje pye fikis yo ak plant yo ak pwodwi ensektisid, pafwa plizyè fwa pou plizyè mwa”. Li te kontinye pou di, “Nou kapab rive a yon pwen kote nou wè konpayi sa yo ap dòmi sou konsomatè yo epi menm itilize move pwodwi ki pa pou bèt sa yo sou plant yo. Se pou konsomatè yo fè rechèch sou bèt sa a epi sou mwayen yo rekòmande pou kontwole yo anvan yo angaje yo nan yon p[wogram tretman ak yon konpayi”.

Pou plis enfòmasyon sou mouch blan fikis yo, vizite sit entènèt koperativ agrikòl Miami-Dade la ( Miami-Dade Cooperative Extension Services) http://miami-dade.ifas.ufl.edu. Koperativ agrikòl la, Extension Service, yon patenarya de Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ak Enstiti Syans Agrikòl ak Nitrisyon Inivèsite Florid, pral kenbe reizidan yo ajou sou tout dènye enfòmasyon sou mouch blan yo. Pou plis enfòmasyon sou Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade, vizite sit entènèt nou an sou www.miamidade.gov/csd.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT