For Immediate Release:
December 21, 2007

Media Contact:





Wap Achte Yon Televizyon Tounèf? Kite Sèvis Konsomantè Miami-Dade Ede W


(Miami-Dade County, FL) -- 
Anvan w achte yon televizyon nèf, konsomatè yo dwe konn tout fè yo sou lòd federal pou konvèti a televizyon dijital epi konprann kouman sa pral afekte yo. Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ap ede konsomatè yo aprann kisa pou yo fè atansyon lè yap achte yon televizyon pou asire ke aparèy yo an travay apre ke chanjman yo fèt pou konvèti a difizyon dijital, ki pral fèt trè pwochènman.

Apre 17 fevriye 2009, estasyon televizyon yo pral sispann difizyon siyal analòg yo epi tout difizyon pral fèt sou fòma dijital. Chanjman sa-a referere a tranzisyon televizyon dijital (DTV). Byenke, dapre lalwa, magazen yo pa gen dwa ajoute aparèy televizyon analòg sèlman nan envantè yo, men yo gendwa vann yo si yo fè pati envantè yo genyen deja-a.  Nenpòt moun ki gen televizyon analòg epi ki pa gen ni kab ni satelit va bezwen achte yon bwat konvètè pou konvèti de analòg a dijital. Bwat sila va disponib apati janvye 2008.  Bwat konvètè a, ki tankou yon bwat kab, va pèmèt yon televizyon analòg kapte imaj, men li pap kapab montre imaj "high-definition" yo ni jwenn aksè a lòt kalite sèvis dijital. Pou jwenn tout avantaj televizyon dijital yo, konsomatè yo va bezwen genyen yon televizyon ki dijital.  Men kèk ti konsèy sou kouman pou chwazi yon aparèy DTV.

  • Konpare kalite imaj DTV yo.  DTV vini ak diferan nivo nan kalite imaj yo.  Sak pi komen yo se: High Definition Television (HDTV), Enhanced Definition Television (EDTV) ak Standard Definition Television (SDTV).  HDTV se kalite sip siperyè DTV ki genyen.  Ak HDTV, wap jwenn ekselan imaj chita lakay w.  Kalite imaj EDTV limenm a yon degre pi wo ke televizyon nòmal.  SDTV se yon televizyon ak imaj nòmal. 
  • Asire ke w gen tout ekipman DTV ke w bezwen.  W ka achte aparèy DTV yo ki tou enkòpore nan televizyon an oswa apa.  Televizyon dijital "enkòpore" yo vin ak yon sentonizè (tuner) ak yon monitè ki pèmèt li kapte pwogram yo.  Si w achte yon aparèy monitè DTV (san yon sentonizè tou enkòpore ladan li), wap bezwen yon sentonizè apa, bwa kab"set-top", oswa bwat satelit "set-top" pou w kapab gade DTV.
  • HDTV pa menm ak DTV.  HDTV egzije w genyen ekipman espesyal, donk asire w ke w mande aparèy ki kapte HDTV epi kominike ak konpayi kab oswa satelit w an pou verifye ke w genyen bwat ki nesesè pou gade HDTV.
  • Gen televizyon "Digital cable ready" (oswa "plug-and-play") disponib.  Aparèy sa yo ka sèvi pou kapte kab televizyon dijital (epi souvan HD sou kab) san yo pa bezwen yon bwat apa.  Li nesesè pou genyen yon kat "CableCARD" pou gade sèten pwogram. Televizyon sa yo pa travay dirèkteman ak satelit. Wap toujou bezwen yon bwat pou gade pwogram satelit yo.      
  • Konpare tip ekran yo.  Ou gen plizyè chwa ekran DTV.  Jodiya, chwa prensipal yo se:  Ekran "cathode ray tube (CRT)" yo -- se ekran koulè yo ki modènize an dijital; "Rear Projection TVs" -- se dè televizyon ki kapab kreye imaj briyan, gwo ang sou gwo ekran yo; ekran LCD yo -- yo trè mens epi yo pwodwi imaj ki ekstrèmman klè, men aktyèlman yo trè chè epi dimansyon yo limite; ekran Plasma yo -- imaj yo klè menm lè ekran an gran, pandan ke li rete trè mens.
  • Mande ki kalite plòg wap bezwen pou asire ke nouvo aparèy DTV w yo travay ak lòt aparèy elektwonik w yo (aparèy DVD, aparèy dijital pou filme (DVR), kanmkòdè, VCR, konpitè, jwèt videyo, ak lòt ekipman).  Aparèy elektwonik ou genyen kounye-a dwe travay ak nouvo DTV w la, men ou ka bezwen dè nouvo plòg. Fè yon lis sa ou posede kounyeya epi mande magazen an kisa ou bezwen pou konekte yo.

Pou plis enfòmasyon sou kouman pou prepare pou tranzisyon a DTV, ale sou www.dtv.gov. Gen ti konsèy itil ak resous disponib sou sitwèb Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade la nan www.miamidade.gov/csd  oswa rele Sant Medyasyon Konsomatè nan 305-375-3677.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT