For Immediate Release:
January 08, 2008

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Ranbousman Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade Rive A Yon Etap Enpòtan De Yon Milyon Dola

Lis 20 Plent Popilè Pibliye pou 2007


(Miami-Dade County, FL) -- 
Nan ane 2007 la, pou premye fwa ke li rive a pwen referans sa-a, Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade te rekipere $1,262,324 pou konsomatè yo apre ke yo te ede yo nan mediyasyon nan dezakò komèsyal yo, sa se yon ogmantasyon de 75 pousan sou ane 2006 la, epitou li te resevwa 4,571 plent pou ane an. Jodiya, depatman an te pibliye lis 20 plent pi popilè yo pou 2007. Doleyans ki te pi popilè yo se sitou sou koze pèdi lajan yo oswa ankenn satisfaksyon ak pwodwi an oswa sèvis la.

Nan tout diferan kalite plent ke Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade te resevwa, koze reparasyon otomobil yo te depase konpayi televizyon sou kab ki te premye ane dènyè.  Prensipal sijè sou kestyon reparasyon machin la se te sitou machin mal ranje oswa travay reparasyon ki pa fini. Sèvis transpò taksi/limouzin te dezyèm nan lis plent yo. Konsomatè yo ki tap pòte plent yo te sitou plenyen sou zafè yo pèdi afè yo epi malelve chofè yo fè yo, tankou manke yo dega, chaje yo twòp kòb epi refize mennen yo lè kous la twò piti.

An konparezon ak ane dènyè, te genyen yon monte an pousantaj nan plent sou zafè kredi pa 80 pousan. Majorite nan plent sa yo se te koze fwòd nan kredi ak kontestasyon sou lajan yo chaje moun. Plent yo sou koze vant elektwonik ak magazen yo, ki te fè lis lan tou, te konsènan pwodwi ki te mal fonksyone dapre sa ki te reprezante sou yo an, chaje lajan anplis sou machandiz epi dezakò sou reglemantasyon pou pote remèt machandiz yo.

Remòkaj rete pami 10 plent pi popilè yo de lane dènyè, epi Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade te genyen envestigasyon ki tap fèt sou aktivite remòkaj ilegal ki mennen kòm rezilta ke konsomatè yo touche $89,000 ranbousman ak apeprè $85,000 amann pou konpayi remòkaj yo.  Envestigasyon sa a lanse an patenarya ak ofisye fòsdelòd yo te dekouvri vyolasyon yo tankou fonksyonnman san imatrikilasyon, move rejis sou deplasman yo, oswa byen sekirize machin kap remòke an. Lòt wenfraksyon yo enkli remòkaj san vre otorizasyon mèt pwopriyete an, mande plis lajan epi pa byen mete pannkat anons remòkaj yo byen.

Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade envestige ak fè medyasyon nan plent konsomatè yo, ranfòse lwa pwoteksyon konsomatè yo ak reglemantasyon biznis yo ak pèmi sèten biznis.

Konsomatè yo ki ta renmen rapòte yon plent oswa mande enfòmasyon sou repitasyon yon konpayi ak sèvis li anvan yo fè biznis avèk yo, ankouraje rele sant medyasyon depatman an  [Mediation Center] nan  305-375-3677.  Nou kapab soumèt plent yo ak kestyon nou yo pa entènèt nan  www.miamidade.gov/csd

Pozisyon

Kategory

Kantite Plent

1

Reparasyon Otomobil

702

2

Transpòtasyon Taksi/Limouzin

605

3

Konpayi Televizyon sou Kab

534

4

Sèvis Adomisil

348

5

Vant Elektwonik

200

6

Vant Otomobil

181

7

Remòkaj

152

8

Koze Kredi

149

9

Magazen

139

10

Vant Mèb

121

11

Mèt Kay/ Lokatè

93

12

Selilè

87

13

Kòmann pa Lapòs

86

14

Koze Tou ak Vwayaj

76

15

Konpayi Itilite

75

16

Sèvis Elektwonik

71

17

Dispit ant Biznis ak Biznis

67

18

Entènèt

60

19

Sèvis Pwofesyonèl

51

20

Medikal

49


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT