|
(Miami-Dade County, FL) -- Dè santèn timoun nan Miami-Dade aprann sou koze anviwonnman anmenmtan yap aprann fè lapèch nan dezyèm ane pwogram estaj lapèch gratis la. Ekstansyon Kowoperativ la, ki se yon patnèchip ant Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ak University of Florida, pral ofri pwogram gratis sa a nan Oleta River State Park, 3400 N.E. 163rd St. nan North Miami, jou Samdi 22 mas, de 9 a.m. a 1 p.m. Yo envite rezidan Broward yo vin patisipe tou.
Timoun de laj 7 a 17 an kapab patisipe nan yon varyete aktivite ki pou aprann yo sou konsèvasyon ak kouman fè lapèch de fason responsab epi an sekirite. Yap drese dè estasyon enteraktif kote timoun yo va aprann sou koze amòs ak materyèl pou lapèch, lanse fisèl, aprann fè ne nan kòd epi aprann respekte règ lapèch yo. Timoun yo va egzaminen vi marin yo deprè pandanke yap eksplore yon rezèvwa ki ranpli ak zannimo vivan ke yo ka manyen jan yo vle. Apre yo fin pran leson, elèv yo va jwenn repa midi gratis ak yon gòl lapèch pou mete nouvo konesans yo an pratik.
Direktè Depatman Konsomatè Miami-Dade la, Cathy Grimes Peel, di konsa, "Ekstansyon Kowoperativ Miami-Dade la fè yon trè bon travay nan ekspoze timoun yo a dè nouvo aktivite enteresan ke yo te kapab petèt pa janm jwenn chans dekouvri. Timoun yo amize yo epi, anmenmtan, yo aprann enpòtans pwoteje anviwonnman an. Sa a se yon evennman kote yo va aprann dè leson ki va dire yo tout lavi yo".
Kou yo separe an de blòk de tan pou pèmèt otan timoun posib patisipe. Premye blòk tan an se de 9 a.m. a 11 a.m. Dezyèm blòk tan an se de 11 a.m. a 1 p.m. Fèk pou gen yon granmoun ki akonpaye chak timoun. Enskripsyon kòmanse depi kounyeya rive vandredi 14 mas. Pou enskri timoun ou an, tanpri kontakte Patty Viera nan (305) 248-3311, ekst. 225. Yo bezwen volontè pou bay kout men.
Depatman Konsomatè Miami-Dade envestige ak fè medyasyon plent konsomatè yo, ranfòse lwa pwoteksyon konsomatè Konte yo ak règleman biznis yo ak sèten lisans biznis. Pou plis enfòmasyon ale sou www.miamidade.gov/csd oswa rele Sant Medyasyon Konsomatè nan (305) 375-3677.
|