|
(Miami-Dade County, FL) -- Depatman Sèvis Konsomatè te prezante prim Chofè pou Semès la bay chofè taksi Jean Gustinvil nan jou mèkredi 7 me a, nan yon seremoni espesyal ki te fèt nan biwo “Greater Miami Convention & Visitors Bureau” anba lavil Miami. Se estaf lotèl Four Seasons, sèl otèl kategori Senk Dyaman AAA nan Miami, pou sèvis egzanplè pa ekselans li bay kliyantèl la. Li te resevwa yon plak komemorativ ak yon chèk pou $750.
Chofè taksi an dezyèm plas la, Ramiro Saez, te resevwa tou yon plak komemorativ ak yon chèk pou $250. Yo te rekonèt li pou bon sèvis li te bay yon pasaje ki pat moun isit nan ede li jwenn malèt li te pèdi.
Direktris Depatman Konsomatè Miami-Dade la, Cathy Grimes-Peel te di konsa, “Mesye sa yo pliske merite jwenn prim yo”.li kontinye ak pawòl sa yo, “Yo demontre pwofesyonalis nan domèn biznis taksi an, ki fè yon pati trè enpòtan nan ekonomi Miami-Dade. Pou anpil vizitè, yo se premye pwen kontak yo ak lokalite nou an, kidonk lè yo bay bèl figi, yo ede nou prezante yon imaj pozitiv pou Konte nou an”.
Pwogram Ensantiv Chofè Taksi a te kreye an 1998 pou rekonpanse chofè ki bay bon jan sèvis yo. Anplis de prim Chofè pou Semès la, chak ane yo chwazi yon Chofè de Lane. Se pasaje taksi yo ak lòt chofè yo ki fè nominasyon yo. Biwo “Greater Miami Convention & Visitors Bureau” an p[atenarya ak Miami-Dade bay prim yo.
Se Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade la ki reglemante ak emèt pèmi pou endistri transpò alwe yo. Se li touki envestige epi fè medyasyon pou plent ak doleyans konsomatè yo, ranfòse lwa pwotektris konosmatè yo ak reglemantasyon biznis yo nan Konte an, epitou emèt sèten pèmi biznis. Pou plis enfòmasyon, vizite www.miamidade.gov/csd oswa rele Sant Medyasyon Konsomatè a nan (305) 375-3677.
 |
 |
| Jean Gustinvil (nan mitan) ap asepte yon chèk pou $750 de Direktris Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade, Cathy Grimes Peel (agòch) ak Angela Gatto de biwo “Greater Miami Convention & Visitors Bureau”. Yo te nonmen li poutèt sèvis pa ekselans li bay kliyantèl la. |
Ramiro Saez, gayan dezyèm plas nan konkou prim Chofè Semès la, resevwa yon plak komemorativ de Direktris Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade, Cathy Grimes Peel. Yo te rekonèt li pou bon sèvis li te bay yon pasaje ki pat moun isit nan ede li jwenn malèt li te pèdi. |
|