For Immediate Release:
May 14, 2008

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Sèvis Konsomatè Miami-Dade Ap Lanse Yon Avètisman Sou Koze Magwaouy Imèl Kap Fèt Nan Peman Ti Chèk Georges Bush La Ki Sipoze Ede Ekonomi An


(Miami-Dade County, FL) -- 
Pandan ke de milyon Ameriken deja kòmanse resevwa ti chèk Georges Bush la de IRS, Sèvis Konsomatè Miami-Dade ap avèti konsomatè yo pou yo fè atansyon a malfektè kap monte sou imel yo pou eseye vòlè enfòmasyon pèsonèl idantite moun.

Genyen dè imel ki parèt kòmsi se de IRS yo sòti kap rantre nan bwat imel konsomatè yo, yo ekri pwomès atout vitès, epitou nan sèten ka yo menm pwomèt lajan adisyonèl. Imel sa yo parèt trè ofisyèl, pafwa yo menm genyen yon lyen a yon sitwèb ki sanble pa IRS la. Nan kèk nan imel ilegal sa yo, adrès imel la fini an “.net” olye de “.gov.”  Nan de lòt ka, menm genyen “.gov” la, kidonk li pi difisil pou detèmine si yo fo. Rezon dèyè imel sa yo se eseye dòmi sou konsomatè yo epi fè yo voye enfòmasyon pèsonèl yo, tankou nimewo sekirite sosyal yo ak nimewo kont anbank yo ki va sèvi lè yo vòlè idantite yo.

Direktè Cathy Grimes Peel de Depatman Konsomatè Miami-Dade di konsa, “Yon fwa kriminèl sa yo jwenn enfòmasyon sa yo, yo kapab ouvè kat kredi sou non viktim lan, aplike pou jwenn lajan prete sou non viktim lan, epi vide kont anbank viktim la. Nap ankouraje konsomatè yo pa reponn imel sa yo ki sipozeman de IRS, epi pa janm bay enfòmasyon pèsonèl nou san ke nou pa verifye anvan ki moun kap mande yo”.

Siy denonsiyatè magwouy sa yo

  • IRS pa janm ni rele ni imel konsomatè pou mande ni nimewo sekirite sosyal yo ni nimewo kont anbank yo.
  • Yo pap janm voye yon lèt pou mande konsomatè yo reponn pa telefòn oswa pa imel.
  • Yo pap janm vini kay moun. 
  • W pa fèt pou janm peye yon kòb pou jwenn chèk w.

IRS sèvi ak imel lè li bezwen kontakte moun sèlman, li pap janm mande detay pèsonèl moun lan. Pa egzanp, enfòmasyon nimewo kont anbank, se sou fòm rapò taks konsomatè an yo pran enfòmasyon sa-a pou depoze kòb kap vin jwenn yo.

Ti chèk George Bush yo koumanse ale jwenn mèt yo nan fen mwad avril la, epi peman yo ap kontinye ale chak semèn jiska mi-jiyè.  Dapre IRS, chèk yo ap voye otomatikman bay tout moun ki elijib e ki te ranpli taks 2007 yo. Pèsòn pa bezwen fè anyen adisyonèl pou resevwa chèk sa-a. Pou aprann kilè wap resevwa chèk pa w la, ale sou sitwèb IRS la nan www.irs.gov epi klike sou “Where’s my refund?”

Pou rapòte imel magwouy, voye imel la bay phishing@irs.gov. Ale sou  http://www.irs.gov/privacy/article/0,,id=179820,00.html pou enstriksyon pi espesifik sou kouman pou voye imel magwouy sila.  IRS ka sèvi ak enfòmasyon an, URL yo ak lyen yo ki nan imel sispèk la ke w voye ba yo an pou trase sitwèb kote li sòti an epi alète  otorite yo pou ede fèmen sit magwouy sila yo.

Depatman Konsomatè Miami-Dade envestige epi fè medyasyon plent konsomatè yo, ranfòse lwa Konte yo sou pwoteksyon konsomatè ak ranfòse règlemantasyon biznis yo ak bay pèmi pou sèten biznis.  Ale sou www.miamidade.gov/csd pou plis enfòmasyon sou lwa pwoteksyon konsomatè yo ak sèvis ke depatman an ofri oswa rele Sant Medyasyon Konsomatè nan (305) 375-3677.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT