Jou madi 3 jen an Asanble Komisyonè Konte an te adopte yon òdonans ki va pèmèt yo ajoute yon lajan siplemantè sou pri trajè taksi yo poutèt pri gaz la kap monte de jouanjou. Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade la te travay ansanm ak sektè taksi yo pou rive jwenn lwa sa-a ki va mete disponib yon alejman pou chofè yo kap chèche lavi yo nan lari an.
Nouvo to etabli a mande pou yo ajoute yon (1) dola anplis lè pri gazolin "regular unleaded" la rete a $3.50 pa galon pandan twa semèn konsekitif (youn dèyè lòt). Lajan peman siplemantè an va monte pa $0.50 kòb pou chak $0.50 kòb ogmantasyon ki fèt nan pri gaz la dorenanvan. Kidonk, lè pri gaz la anmwayèn se $4.00, lajan peman siplemantè an va $1.50, epi lè gaz la $4.50, lajan peman siplemantè an va $2.00, epi lap kontinye konsa.Pri gaz la anmwayèn pa semèn va etabli dapre data ki sòti nan "Energy Information Administration (EIA)", yon seksyon nan Depatman Enèji Lèzetazini [U.S. Department of Energy].
|
Pri Anmwayèn Pa Galon
|
To Peman Siplemantè
|
|
$ 3.50
|
$ 1.00
|
|
$ 4.00
|
$ 1.50
|
|
$ 4.50
|
$ 2.00
|
|
$ 5.00
|
$ 2.50
|
|
$ 5.50
|
$ 3.00
|
Avi peman siplemantè sa-a va poste nan chak taksi. Chofè an va adisyone peman siplemantè an ak bouton "extra" ki sou kontè taksi an. Pou deplasman ki se yon pri fiks yo ki pa sèvi ak kontè an, epi nan ka sèten kontè ki pa gen bouton "extra', chofè an va ajoute peman siplemantè a manyèlman sou lajan deplasman/trajè an.
Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade regelmante ak emèt pèmi yo a taksi yo. Epitou li envestige epi fè medyasyon doleyans konsomatè yo, ranfòse lwa sou pwoteksyon konsomatè yo ak reglemantasyon biznis etabli pa Konte an, emèt pèmi yo pou tout yon varyete de biznis. Pou li òdonans sou peman siplemantè pou gaz la oswa pou plis enfòmasyon sou lwa pou pwoteksyon kopnsomatè ak sèvis depatman an, monte sou www.miamidade.gov/csd oswa rele Consumer Mediation Center nan 305-375-3677.