For Immediate Release:
June 06, 2008

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Chofè Kamyon Remòkaj Yo Koumanse Chaje Plis Kòb Poutèt Pri Gaz La


(Miami-Dade County, FL) -- 
Dapre yon rezolisyon ki pase devan Asanble Komisyon Konte Komisyonè an jou madi 3 jen an, yo pèmèt chofè kamyon remòkaj yo ajoute $3.00 peman siplemantè poutèt pri gaz la sou remòkaj ki san konsantman yo (pou ranfòse pakin entèdi) - kidonk, remòkaj ki pa mande konsantman davans pwopriyetè oswa chofè machin la. Konpayi remòkaj Miami-Dade yo gen dwa enpoze yon peman siplemantè pou chak remòkaj ki fèt sou demann mèt pwopriyete prive yo, ajans polis yo ak de lòt entite, esepte minisipalite yo ki deja etabli pri ak yon diferan maksimòm  andedan jiridiksyon pa yo.

Yo te mete dispozisyon sa a anplas pou ede aleje eprèv ekonomik biznis remòkaj yo, ki sitou itilize kabiran dyezèl, gaz ki pi chè aktyèlman sou mache an. Konpayi remòkaj yo ki mete anplas peman siplemantè sa a va oblije detaye bòdwo li yo sou chak manifès yo ak fèy rejis deplasman yo, epitou poste peman siplemantè an sou lis pri yo chaje yo.

Peman siplemantè pou gaz la se yon diplis de pri remòkaj maksimòm deja etabli pa Konte a. Pri yo etabli dapre pwa angwo machin kap remòke a, ki tou deside ki gwosè kamyon remòkaj ki pral nesesè. Laplipa machin konsomatè yo klasifye kòm klas "A," ki gen yon pri maksimòm etabli a $101.00.  Tout pri yo poste sou sitwèb Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade la: http://www.miamidade.gov/csd/Licensing/Business/towing.asp

Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade regelmante ak emèt pèmi yo pou konpayi remòkaj yo.Epitou li envestige epi fè medyasyon doleyans konsomatè yo, ranfòse lwa sou pwoteksyon konsomatè yo ak reglemantasyon biznis etabli pa Konte an, emèt pèmi yo pou tout yon varyete de biznis. Pou li òdonans sou peman siplemantè pou gaz la oswa pou plis enfòmasyon sou lwa pou pwoteksyon kopnsomatè ak sèvis depatman an, monte sou www.miamidade.gov/csd oswa rele Consumer Mediation Center nan 305-375-3677.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT