For Immediate Release:
July 24, 2008

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Chofè Onore Pou Trimès La Ede Pasaje Enfim Yo Fè Deplasman Nan Miami-Dade


(Miami-Dade County, FL) -- 
Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade prezante prim  Chofè di Trimès bay chofè Franz Rinville jou mèkredi 23 jiyè nan yon seremoni espesyal anba lavil Miami.  Yo te rekonèt Rinville pou jantiyès li ak konpasyon li nan ede yon gwoup touris enfim jwenn transpòtasyon sòti Ayewopò Entènasyonal Miami.  Direktè Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade Cathy Grimes Peel ak Angela Gatto de Greater Miami Convention & Visitors Bureau, ki fè li patnè ak Miami-Dade pou bay prim lan, te toude ansanm prezante yon plak ak yon chèk $750 dola bay Rinville.

Rinville, ki kondwi yon taksi ki aksesib a moun enfim, te nan ayewopò a ap ede yon pasaje enfim monte taksi liya lè 10 lòt pasaje enfim vin parèt anmenmtan ki te bezwen transpòtasyon tou. Rinville te fè tout aranjman pou yo epi li te rete la san deplase pou asire ke tout pasaje enfim yo te jwenn transpòtasyon epi asire ke yo byen chita an tout sekirite. 

Fyè de akonplisman li, Rinville bay kèk konsèy byen saj a yon gwoup fiti chofè taksi, "Toujou eseye ede moun paske nou la pou nou ede moun".

Dezyèm prim Chofè di Trimès la ale jwenn Jorge Sepulveda ki resevwa tou yon plak ak yon chèk $250. Sepulveda te ede yon dam ki sòt Massachusetts fè deplasman ale retou de Jackson Memorial Ryder Trauma Center pou ale vizite pitit fi li ki te blese nan aksidan motomarin (jet-ski).  Li menm bay nimewo telefòn selilè li konsa pou pasaje a kapab konte sou li pou jwenn transpòtasyon.

Direktè Peel di konsa, "Se jis kèk egzanp de anpil chofè taksi lokal ki bay sèvis esepsyonèl. Depatman nou an fyè de travay ke yo fè, epi nou konte sou yo pou plase bon egzanp pou nouvo chofè yo kap antre nan biznis la".

Sepulveda ajoute, "jantiyès bay".

Pwogram Ankourajman Chofè Taksi an te kreye an 1998 pou rekonpanse chofè ki bay bon kalite sèvis.  Anplis de prim Chofè di Trimès la, yo chwazi yon chofè pou prim  Chofè de Lane.  Se pasaje yo ak lòt chofè taksi yo ki bay nominasyon chofè yo.

Se Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ki bay pèmi epi ki etabli règlemantasyon pou endistri tranpò ki afrete yo (taksi, limouzin, elt.). Epitou li fè envestigasyon ak  medyasyon plent konsomatè yo, ranfòse lwa pwoteksyon konsomatè Konte a  ak règlemantasyon biznis, ak sèten sijè konsènan sèten pèmi biznis. Pou plis enfòmasyon, ale sou www.miamidade.gov/csd oswa rele Sant Medyasyon Konsomatè nan (305) 375-3677. 

Se règlemantasyon Konte Miami-Dade pou li konfòme ak tout egzijans lwa Ameriken sou enfimite "Americans with Disabilities Act" La. Pou enfòmasyon sou dokiman nan fòma aksesib, tanpri rele 305-375-4942.

Chauffeur of the Quarter Chauffeur of the Quarter
Chofè taksi Franz Rinville resevwa prin Chofè di Trimès jou 23 jiyè  2008 de Direktè Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade Cathy Grimes Peel (Adwat) ak Angela Gatto de Greater Miami Convention & Visitors Bureau, ki fè li patnè ak  Miami-Dade pou prezante prim lan. Yo te rekonèt li pou jantiyès li ak konpasyon li nan ede yon gwoup touris enfim jwenn transpòtasyon sòti Ayewopò Entènasyonal Miami pou rive nan destinasyon yo. Chofè taksi Jorge Sepulveda te resevwa dezyèm prim kòm Chofè di Trimès de Direktè Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade Cathy Grimes Peel (Adwat) ak Angela Gatto de Greater Miami Convention & Visitors Bureau. Li te bay sèvis transpò fyab a yon dam ki tap vizite pitit li lopital.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT