Depatman Sèvis Konsomasyon Miami-Dade sòt avize endistri taksi a ke li fèt pou sispann chaje konsomatè yo yon frè adisyonèl pou chak vwajaj piske pri mwayèn gazolin lan pa depase $3.50 pa galon pandan twa semèn konsekitif. Konsomatè ki pran taksi yo pa fèt pou peye yon frè adisyonèl pou gazolin.
Chofè yo fèt pou retire imedyatman tout viyèt ki afiche to frè adisyonèl gazolin lan sou taksi yo. Ofisye ransfòsman yo ansanm ak Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade va asire ke viyèt yo te retire sòt sou taksi yo epi yo va patisipe nan ede retire yo. Yo va pran mezi kont nenpòt chofè ki kontinye chaje moun frè adisyonèl sila.
Òdonans frè adisyonèl pou gazolin lan te rantre an efè le 16 jen 2008. Frè adisyonèl la te baze sou pri mwayèn pa semèn pou gaz regilye dapre montan ki rapòte pa Administrasyon Enfòmasyon Enèji (EIA), yon branch Depatman Enèji Zetazini. Dapre òdonans lan, yon frè yon dola adisyonèl te enplimante lè pri gaz la anmwayèn te vin a $3.50 pandan twa semèn konsekitif. Frè adisyonèl la ogmante oswa diminye a $0.50 santim alafwa toudepan a ki montan pri gazolin yo monte oswa desann nan menm montan an.
Si w gen yon plent ke yon chofè te fè w peye frè adisyonèl la oswa si w gen okenn kesyon, rele 311 pou kontakte Sant Repons Konte Miami-Dade.
Apwopo CSD
Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade (CSD) bay pèmi epi reglemante endistri transpò pou frete a (taksi, limouzin, elt.). Li envestige epi fè medyasyon plent konsomatè yo, ranfòse lwa pwoteksyon konsomatè yo ak reglemantasyon biznis yo nan konte a, epi li bay pèmi a sèten biznis. Anplis, seksyon Cooperative Extension Division nan Depatman an bay aistans teknik a agrikiltè komèsyal yo, moun ki fè jaden nan lakou, pwopriyetè kay prive yo, epi li jere pwogram devlopman jèn yo ak fanmi yo. Depatman an edike konsomatè yo tou sou sijè ki afekte yo epi mete resous disponib a piblik la pou amelyore kalite de vi yo.
Se nan règleman Konte Miami-Dade pou li konfòme ak tout règleman lwa sou enfimite ki rele “Americans with Disabilities Act” la. Lokal la aksesib. Pou entèprèt ki pale an siy, aparèy pou ede moun ki pa tande byen oswa dokiman nan fòma aksesib, tanpri rele 305-375-3677 omwen senk jou davans.