For Immediate Release:
December 05, 2008

Media Contact:
Sonya M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Pye Zaboka Sid Florid Yo Menase Ak Ensèk Kochni Ki Pote Parazit Fonjisid


(Miami-Dade County, FL) -- 
Biwo Miami-Dade Cooperative Extension Division ap atire  atansyon rezidan yo a yon ensèk ki pote parazit fonjisid ki sou wout pou rantre nan Konte Miami-Dade.  Ensèk kochni sila poze gwo danje pou pye zaboka yo. Yap ankouraje rezidan yo siveye si yo wè fèy yo ap fenen epi degrennen rapid sou pye zaboka yo, se kab yon siy ke parazit fonjisid atake pye bwa a, epi pou yo evite deplase oswa transpòte pyebwa ki deja enfekte yo. Konsomatè yo dwe pran prekosyon lè yap achte oswa transpòte bwa pou boule paske yomenm tou ka byen enfekte.

Ensèk kochni ke Ameriken yo rele “redbay ambrosia beetle” a, se yon ensèk ki pa dorijin bò isit epi ki gwosè mwatye yon grenn diri. Li pote epi li manje fonjisid ki detwi zaboka yo, “redbay” ak lòt kalite ki nan menm espès yo. Pandan ke kochni an limenm pap fè pye bwa yo anyen, fonjisid ke li pote a bloke dlo pou pa rantre nan pyebwa yo, ki lakoz fèy yo fennen epi tounen vin jòn epi eventyèlman pyebwa a mouri.  Yo te premye detekte ensèk kochni a nan eta Georgia an 2002 epi nan Florid an 2005. Ensèk sa yo te enfekte anpil pyebwa nan Eta sa yo ansanm ak nan Kawolin di Sid, ki te lakoz anpil pyebwa te mouri. 

Paske gen anpil lòt faktè ki ka lakoz fèy pyebwa fin fennen, yap ankouraje rezidan yo kontakte biwo Seksyon Endistri Plant (sig Angle DPI) ak Depatman Sèvis Agrikòl ak Konsomatè Eta Florid pou vin gade pye zaboka yo an si yo ta sispèk ke yo ka enfekte de maladi sila.  Liy gratis DPI a se 1-888-397-1517.  Si yon pyebwa enfekte, yo ankouraje pwopriyetè yo fè detwi li.  Otreman, pyebwa ki mouri yo va poze yon danje paske brach fèb yo ka kaze tonbe sou tèt moun ak sou do kay, espesyalman nan move tan.  Rezidan yo pa dwe eseye replante nouvo pye zaboka paske, gen yon gwo chans pou yo tonbe anba maladi a tou.

Li nesesè pou yon pwofesyonèl tcheke pyebwa a paske fèy kap fennen gendwa lakoz pa tanperati ki twò frèt oswa rasin kap pouri, ki rive souvan lè tè a gen twòp dlo oswa gen inondasyon. Lè se domaj fredi oswa rasin pouri, tout fèy yo nan pyebwa a tonbe fennen tout ansanm. Tandike, lè byebwa a enfekte ak parazit fonjisid, se kèk branch wap wè ki afekte. Paske sezon sèch Sid Florid la se depi kounyeya rive fen mwad me, fèy fennen se yon bagay òdinè nan peryòd sa-a nan ane a. Li enpòtan pou yon otorite lokal ak rejyonal tcheke pyebwa a pou kòrèkteman swiv mouvman ensèk la ak fonjisid la.

Pye zaboka se yon pyebwa ki komen nan Sid Florid epi branch li yo bay lonbraj nan laplipa nan zòn nou yo. Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ankouraje konsomatè yo evite siyen kontra magwouy ak okenn moun ki deklare ke yo gen tretman pou enfeksyon an. Aktyèlman, pa gen okenn tretman pou prevni enfeksyon fèy fennen nan pye zaboka.  Piske ensèk la ak fonjisid la pa rekoni nan Konte Miami-Dade aktyèlman, tretman yo pa ni nesesè ni rekòmande.  Rekòmandasyon ke yo fè pwopriyetè ki gen pye fwi nan lakou yo se pou siveye si pye zaboka yo gen fèy kap fennen rapidman, kap mouri, ak/oswa ki gen ensèk, epi rapòte pyebwa sispèk yo bay Seksyon Endistri Plant.

University of Florida aktyèlman ap fè rechèch sou tretman ak mezi prevansyon. Biwo  Miami-Dade Cooperative Extension, ki se yon patnè Depatman Sèvis Konsomatè Miami-Dade ak University of Florida, ap kontinye enfòme rezidan yo de nenpòt devlopman.

Pou jwenn aksè a resous adisyonèl sou ensèk “redbay ambrosia beetle” ak fonjisid fèy fennen, ale sou:

Depatman Konsomatè Miami-Dade (CDS) envestige epi fè medyasyon plent konsomatè yo, ranfòse lwa Konte yo sou pwoteksyon konsomatè ak ranfòse règlemantasyon biznis yo ak bay pèmi pou sèten biznis.  An plis, biwo Cooperative Extension Division depatman an bay asistans teknik a agrikiltè komèsyal yo, moun ki fè jaden nan lakou lakay yo, pwopriyetè yo. Epi li jere pwogram devlopman lajenès yo ak fanmi yo. Depatman an edike konsomatè yo sou sijè ki afekte yo epi li bay resous a piblik la pou amelyore kalite lavi yo.


 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT