News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Desanm 15, 2022
Kontak pou Laprès:
Akeem Brutus
[email protected]

Seremoni Enstalasyon Prezidan Gilbert ak Vis Prezidan Rodriguez va fèt nan Hard Rock Stadium nan dat 15 desanm


MIAMI-DADE – Prezidan Oliver G. Gilbert, III, Komisyonè Distri 1 Konte Miami-Dade, ansanm ak Vis Prezidan Anthony Rodriguez, ki reprezante Distri 10, pral enstale kòm Prezidan ak Vis Prezidan Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade. Jedi 15 desanm a 4 pm nan Hard Rock Stadium, 347 Don Shula Drive, Miami Gardens, FL 33056.

Komisyonè yo te eli Prezidan Gilbert alinanimite pou li sèvi kòm Prezidan nan reyinyon Konsèy Komisyonè Konte a nan dat madi 6 desanm. Prezidan Gilbert te kòmanse sèvi nan Konsèy Komisyonè Konte a nan dat 17 novanm 2020, apre li te fin sèvi kòm Majistra Miami Gardens pou uit ane.

Pandan de ane manda li a, Prezidan an pral prezide tout reyinyon Komisyonè Konte yo epi li ap nonmen prezidan, vis prezidan, ak manm tout komite komisyon yo. Anplis de sa, Prezidan Gilbert pral sipèvize nèf biwo Konsèy la pou mete ladan Oditè Komisyon an, Afè Entègouvènmantal, Jay Malina International Trade Consortium of Miami-Dade County, Afè Politik ak Bidjè, Militans Kominotè, Kowòdinasyon Ajanda, Pwotokòl, Medya BCC, ak Sèvis Pèsonèl Sipò.

Vis Prezidan Rodriguez te eli nan yon vòt 8 a 5 pandan reyinyon Konsèy Komisyonè Konte a nan dat madi 6 desanm pou li sèvi kòm Vis Prezidan. Li fèk antre an fonksyon kòm yon Komisyonè Konte nan dat 22 novanm 2022. Li pote eksperyans ke li pran nan Chanm Reprezantan Florid la.

Seremoni enstalasyon an gratis epi li ouvè a tout piblik la. Ansyen jounalis televizyon, Brian Andrews, pral sèvi kòm prezantatè pou seremoni an.

Kiyès:
Prezidan Oliver G. Gilbert, III ak Vis Prezidan Anthony Rodriguez , Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade.
Kisa:
Seremoni enstalasyon Prezidan Oliver G. Gilbert, III ak Vis Prezidan Anthony Rodriguez
Kilè:
Désanm 15, 2022, 4:00 p.m.
Kikote:
Hard Rock Stadium
347 Don Shula Drive
Miami Gardens, FL 33056
(Evènman an pral difize an dirèk sou entènèt apati 5 p.m.
miamidade.gov/webcasting