News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Me 23, 2023
Kontak pou Laprès:
Ashley Blake
[email protected]

Prezidan Gilbert ap pwomouvwa inisyativ XerciseDaily avèk premye “Mach pou Lasante Prezidan an” rive Bayfront Park 25 me


MIAMI-DADE – Prezidan Konsèy la, Oliver G. Gilbert, III pral òganize premye mach li, “Mach pou Lasante Prezidan an”, ki pral kòmanse a 9 a.m. jedi 25 me, soti nan bilding Stephen P. Clark Government Center, 111 NW 1st St., Miami, FL 33128, epi rive nan Bayfront Park, 301 N. Biscayne Blvd., Miami, FL 33132.

Mach pou Lasante Prezidan an ap kontinye inisyativ byennèt XerciseDaily Prezidan Gilbert te lanse an janvye 2023 a pou ankouraje tout moun mete apa omwen 30 minit pa jou pou yo pran desizyon ki mennen a yon mòd vi ki bon pou sante.

Prezidan Gilbert pral mennen Konsèy Komisyonè Konte a nan yon mach rapid soti devan bilding Sant Gouvènman an rive Bayfront Park. Se diskou Prezidan Konsèy la ki pral kòmanse mach la soti nan lòbi bilding nan, epi mach la pral ale a lès nan direksyon NE 1st St. Sou wout la, gen yon arè ki pral fèt pou yon sesyon egzèsis tou kout sou direksyon Tony Thomas Sports nan kafou NE 2nd Ave. ak East Flagler St. Mach la pral kontinye ale nan direksyon Biscayne Blvd. pou yon foto inogiral devan Bayfront Park epi li pral fini lè li tounen nan Sant Gouvènman an.

Patisipan nan Mach pou Lasante Prezidan an gen ladan moun nan nèf biwo ki fòme fanmi Konsèy Komisyonè Konte a. Patnè yo se Pak, Lwazi, ak Espas Ouvè (PROS) Miami-Dade; Sèvis Jesyon Ijans (DEM); Ekip Entèvansyon sou Bekàn Depatman Lapolis Miami-Dade; Ponpye Miami-Dade (MDFR); epi Sèvis Sipò pou Anplwaye – Sante e Byennèt.

Kiyès:
rezidan Konsèy Komisyon Miami-Dade, Oliver G. Gilbert, III
Kisa:
Mach pou Lasante Prezidan an
Kilè:
25, 2023, 9:00 a.m.- 11:00 a.m.
Kikote:
Soti Stephen P. Clark Government Center
111 NW 1st St.
Miami, FL 33128
rive
Bayfront Park
301 N. Biscayne Blvd.
Miami, FL 33132