News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Fevriye 27, 2015
Kontak pou Laprès:
Melonie Burke
[email protected]
305-694-2779

Prezidan Komisyon Jean Monestime pral prezante Festival Eritaj Negritid nan Arcola Lakes Park


(MIAMI-DADE, FL) – Kòm yon pati nan selebrasyon Konte a pou Mwa Istwa Negritid, Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Jean Monestime ak Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Lib Konte Miami-Dade ap prezante “Festival Eritaj Negritid 2015” jou samdi 28 fevriye de midi a 4è p.m. nan Arcola Lakes Park, 1301 NW 83rd St.

Evennman an ap selebre kilti negritid la avèk pèfòmans mizikal, dansè epi gen vandè k ap vin vann bèl machandiz. Ap genyen tou: bis ki vann manje, pòpkòn, kòn nèj, pentire figi ak kay pou ponpe.

“Mwen envite rezidan yo vini amize yo nan festival la ak tout aktivite ak espektak amizan yo, pandan nap selebre Mwa Istwa Negritid”, pawòl Jean Monestime.

Selebrasyon Mwa Istwa Negritid Konte a patwone pa biwo Prezidan Komisyon Jean Monestime, Konsèy Konsiltatif Afè Nwa ak Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Lib Miami-Dade.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele Biwo Prezidan Jean Monestime lan nan 305-694-2779.

Kiyès:
Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Jean Monestime
Kisa:
Festival Eritaj Negritid 2015
Kilè:
Fevriyé 28, 2015, 12:00 p.m.- 4:00 p.m.
Kikote:
Arcola Lakes Park, 1301 NW 83rd St.