News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Janvye 15, 2015
Kontak pou Laprès:
Melonie Burke
[email protected]
305-694-2779

Inogirasyon Komisyonè Jean Monestime ak Komisyonè Esteban Bovo Jr. Kòm Prezidan e Vis Prezidan Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade nan yon seremoni inogiral istorik


(MIAMI-DADE, FL) – Inogirasyon Komisyonè Konte a Jean Monestime kòm Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade pral fèt jou vandredi 16 janvye a 10 a.m. nan Sal Komisyon an nan Stephen P. Clark Center, 111 NW 1 Street, Miami FL, 33128.

Prezidan Jean Monestime, premye Ayisyan-Ameriken ki sèvi nan Asanble Komisyonè Konte a, pral prete sèman kòm Prezidan ansanm ak Komisyonè Esteban Bovo Jr. ki pral prete sèman kòm Vis Prezidan. Tout kolèg li yo nan Komisyon an, zanmi yo, fanmi yo, ak elektè yo ap la pou selebre koumansman de (2) ane manda komisyonè sila yo nan nouvo fonksyon yo.

Yo envite laprès vin kouvri seremoni inogirasyon an.

KIYÈS:             Komisyonè Konte Jean Monestime
                        Komisyonè Konte Esteban Bovo Jr.

KISA:               Enstalasyon kòm Prezidan ak Vis Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade

KILÈ:               Vandredi 16 janvye a 10 a.m.

KIKOTE:          Sal Komisyon nan Stephen P. Clark Center, 111 NW 1 Street, Miami FL, 33128