Prezidan Komisyon Jean Monestime jwenn finansman pou sant kominotè Ayisyen an
(MIAMI-DADE, FL) – Chèmann Monestime jwenn lajan adisyonèl, nan reyinyon Komisyon Konte ki te fèt 2 jen an, pou finansman sant kominotè Ayisyen ki te planifye depi lontan.
Komisyon Konte Miami-Dade apwove de (2) rezolisyon patwone pa Chèmann Jean Monestime pou ajoute $2,9 milyon dola siplemantè ki sot nan pwogram Bon ak Obligasyon Jeneral Konte a pou konstwi sant kominotè a nan Oak Grove Park, 680 NE 159yèm Street, nan Distrik 2.
Premye pati $2,6 milyon dola a ap complete finansman nesesè pou sant la, ki pral rele Father Gerard Jean-Juste Community Center (sant kominotè Pè Gerard Jean-Juste) ki se pral yon enstalasyon 19,000 pye kare pou fè yon teren rekreyasyon milti-izaj, espas pou fè reyinyon ak egzèsis, espas sèvis pou granmoun aje yo, ak yon sal pou jwe, ensike yon pisin ak zòn splash dlo, espas deyò pou rasanbleman kominotè, twalèt, epi yon estann pou dyaz.
Dezyèm pati $300,000 dola a se pou peye lòt travo amelyorasyon nan Oak Grove Park, ikonpri yon teren pou timoun jwe, zòn pou piknik ak amelyorasyon espas pou pasaj pyeton, epi amenajman peyizaj (gazon yo ak plant yo).
“Kounye-a ke tout finasman an anplas, ann koumanse travay la”, di Chèmann Monestime.