News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Jiyè 17, 2015
Kontak pou Laprès:
Griselle Marino
[email protected]
305-375-3717

Komisyon Konte a apwouve yon rezolisyon Chèmann Monestime te patwone pou deziyen wout "Reverend Wilner Maxi Street"


(MIAMI-DADE, FL) – Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade apwouve rezolisyion Chèmann Jean Monestime lan ki deziyen wout NE 73zyèm Street ant NW 2zyèm Aveni ak NE 3zyèm Court la kòm “Reverend Wilner Maxi Street” nan reyinyon 14 jiyè a.

Reveran Maxi te kontribye nan fonde legliz Haitian Emmanuel Baptist Church nan Nòdès Miami. Se an 1983 li te vin pastè legliz la. Pandan tout tan li fè kòm pastè a, Reveran Maxi travay san pran souf pou fè yon diferans ki dirab nan lavi fidèl yo ak nan kominote a atravè jefò li nan domèn edikasyon ak relijye san konte fè sèvis evangelik yo.

“Depi pliske trant ane, Reveran Maxi se yon pèsonaj saj ki pwomouvwa lapè nan kominote a. A chak okazyon li mande kominote a pou li travay ansanm, nan linyon, ak respè, youn pou lòt", di Chèmann Monestime. “Li sèvi Leseyè ak kongregasyon li-a -- ki gen pliske mil manm -- avèk lonè, avèk entegrite, e avèk distenksyon. Lidèchip Reveran Maxi ouvè chemen pou anpil Ayisyen, e poutèt sa mwen genyen li larekonesans”.