News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Novanm 09, 2015
Kontak pou Laprès:
Griselle Marino
[email protected]
305-375-3655

Chèmann Monestime ankouraje elèv nan Dade Medical College yo kontakte Biwo Pwoteksyon Konsomatè Konte Miami-Dade


(MIAMI-DADE, FL) – Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Jean Monestime ap ankouraje pliske 2,000 elèv ki afekte pa fèmti Dade Medical College la kontakte Biwo Pwoteksyon Konsomatè Konte Miami-Dade pou jwenn asistans.
 
Le 30 oktòb, Dade Medical College anonse ke tout sis kanpis li yo, ansanm ak tou de kanpis lekòl University of Southernmost Florida ki afilye avèk li yo, tap fèmen endefiniman.
 
“Sa fè’m mal anpil pou elèv sa yo,  mwen ka konprann fristrasyon yo ak dezespwa yo etandone sikonstans yo,” pawòl Chèmann Monestime, ki resaman patwone yon òdonans ki rele Deceptive Trade Practices Ordinance, ki ranfòse kapasite Konte a pou li bay asistans nan menm ka sa yo. “Biwo Pwoteksyon Konsomatè Konte a, ansanm ak Sant Enfòmasyon 3-1-1 okouran de sitiyasyon an e yo mete yo a la dispozisyon de tout elèv ki afekte yo. Mwen ankouraje tout elèv sila yo kontakte biwo a pou jwenn èd.”
 
Elèv ki konsène yo dwe rele 786-469-2300 oswa ale nan Biwo Pwoteksyon Konsomatè Konte a nan 601 NW 1st Court, 18yèm Etaj.