For Immediate Release:
June 13, 2008

Media Contact:
Gerard Philippeaux
district3@miamidade.gov
305-636-2331



Komisyonè Audrey M. Edmonson ede livre pliske 39,000 liv manje pou Ayiti


(Miami-Dade County, FL) -- 
Jou 9 jen an, Komisyonè Audrey M. Edmonson ede yo voye pliske 39,000 liv, diri, legim nan kenn, manje bebe, ak delòt pwodwi pou pèp Ayisyen an pou aleje kriz kwonik rate manje kap bat peyi a. Se rezilta yon kanpay ranmasaj manje ki dire de semèn, ki te esponnsorize tou pa Komisyonè Edmonson ak Komisyonè Barbara J. Jordan, ki te mande rezidan yo nan Konte Miami-Dade vini fè don de divès nouriti ki pap gate ke yo te pote ale nan plizyè anplasman nan Konte an, menm biwo distrik Komisyonè Edmonson la tap resevwa kotizasyon manje sa yo.

Komisyonè Edmonson te di konsa, "Lonje lamen bay epi ede zòt se youn nan prensip debaz ki gide konte nou an". Li kontinye esplike, " Nou konnen jan sa enpòtan nan yon moman apre yon dezas pou nou jwenn èd".. 

Don yo vide de lapa rezidan yo, ak yon gwo kantite ki sòti de etidyan nan lekòl primè "Marjory Stoneman Douglas Elementary School". World Vision, yon òganizasyon non gouvènmantal (ONG) ki ede plizyè nan peyi ki pi pòv yo sou latè a, te ranmase $5,000 de rezidan yo nan jefò alèjman sa-a, epitou yo te double sa yo matche yo, ak yon total $15,000 dola don monetè. Kontenè manje yo pral jwenn "Food for the Poor", yon lòt òganizasyon non gouvènmantal (ONG), ki va responsab distribisyon manje an nan zile a. 

Haitian food delivery

(L-R) Komisyonè Audrey M. Edmonson; Lisa Torres, Direktris Rejyonal World Vision, Angel Aloma, Direktè Egzekitif Food for the Poor; ak Komisyonè Barbara J. Jordan.


 

# # #

 

MIAMI-DADE COUNTY COMMISSIONER AUDREY EDMONSON, DISTRICT 3
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 220 Miami, Florida 33128
(305) 375-5393