For Immediate Release:
June 05, 2009

Media Contact:
Gerard Philippeaux

305-375-5393



Komisyonè Audrey M. Edmonson pral prezante Kèmès GRATIS sou Sante ak Enfòmasyon Distrik 3

Vaksinasyon yo, egzamen medikal yo, ak enfòmasyon GRATIS

 


(Miami-Dade County, FL) -- 
Rezidan lokal yo envite vin patisipe nan Kèmès Sante ak Enfòmasyon Distrik 3 Komisyonè Audrey M. Edmonson la jou samdi 27 jen 2009 la nan Joseph Caleb Center, 5400 NW 22 Avenue, de 9 a.m.a 1 p.m. Kèmès la pral ofri nou menm patisipan yo yon varyete enfòmasyon medikal ak sèvis medikal gratis, ki va enkli:

• GRATIS -  vaksinasyon timoun yo: se pou paran yo pote dosye vaksinasyon timoun yo
• GRATIS -  pran tansyon, kalkil mas kò, kalkil grès kò, gaz kabonik, plon, ak tès sik; demonstrasyon ijèn dantè pou timoun yo.
• GRATIS - enfòmasyon sante sou pwogram anti-tabak,maladi kè, nitrisyon, dyabèt, ipètansyon, tès kòl matris,  maladi seksyèl yo, ak VIH.
• GRATIS - enfòmasyon sou Komite Katye, ranfòsman kòd, sekirite konsomatè, sèvis grandèt yo, pwopriyetè kay, fwaye dakèy/adopsyon, konsèvasyon dlo, sèvis legal, sekirite chèz machin, opòtinite pou travay, ak swen malad tèminal.
• GRATIS - ede aplike pou kat bibliyotèk ak pou enskri kòm votè. «

Ap genyen tou enfòmasyon sou Pwogram «Gun Bounty» Konte a, ki pèmèt rezidan yo touche yon rekonpans $1,000 poutèt yo denonse yon  moun ki posede yon zam san pèmi, nan bi pou retire zam yo ak kriminèl yo nan lari a.

Pou plis enfòmasyon, rele biwo Komisyonè Edmonson la nan 305-636-2331.


 
Who: Komisyonè Konte Miami-Dade Audrey M. Edmonson

What:Kèmès Sante ak Enfòmasyon Distrik 3

When: June 27, 2009, 9:00 a.m.- 1:00 p.m.

Where:Joseph Caleb Center
5400 NW 22 Avenue, Miami


 

# # #

 

MIAMI-DADE COUNTY COMMISSIONER AUDREY EDMONSON, DISTRICT 3
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 220 Miami, Florida 33128
(305) 375-5393

 

It is the policy of Miami Dade County to comply with all of the requirements of the Americans with Disabilities Act. The facility is accessible. For sign language interpreters, assistive listening devices or materials in accessible format, please call 305-636-2331 at least five days in advance.