|
(Miami-Dade County, FL) -- Prezidan Konte Miami-Dade Dennis C. Moss, Manm Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten (sig angle MPO) Konte Miami-Dade te eli Prezidan MPO pa asanble gouvènan òganizasyon an, jou jedi 29 janvye 2009, pandan reyinyon mansyèl yo a. Manm Asanble Perla T. Hantman te eli kòm Vis Prezidan. Toude va sèvi pou yon tèm dezan. Prezidan Moss deja se Prezidan Asanble Komisyonè Konte an epi Vis Prezidan Hantman limenm tou chita kòm manm sou Komite Lekòl Piblik Konte Miami-Dade.
Oparavan, dan lepase, se te de koutim pou moun ki Prezidan Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade la sèvi kòm Prezidan MPO. Men, jou ki te 24 avril 2008 la, yo te pase yon rezolisyon ki te apwouve pa yon vòt 10 a 7, ki pèmèt Asanble Gouvènan MPO a eli pwòp Prezidan ak Vis Prezidan li.
Asanble Gouvènan MPO an responsab gide pwosesis planifikasyon transpòtasyon an, epi apwouve pwojè yo nan Konte Miami-Dade. Li konpoze de :
-
Trèz (13) manm Asanble Komisyonè Konte;
-
Yon reprezantan Otorite Woutye Miami-Dade (sig Angle MDX);
-
Yon reprezatan Asanble Edikasyon Konte Miami-Dade;
-
Yon ofisyèl eli de chak nan sis minisipal ki gen yon popilasyon ki depase 50,000 abitan;
-
Yon reprezantan de yon minisipalite itineran; epi
-
Yon fonksyonè leta ofisyèl ki pa nan pòs eli.
Asanble Gouvènan an egzèse pouvwa MPO yo, ki enkli desizyon final sou tout kesyon ki konsène règleman sou planifikasyon transpòtasyon lokal, adopsyon oswa andòsman plan ak pwogram yo, apwobasyon akò enpòtan yo, adopsyon règ yo, epi etabli estrikti fonksyonnman entèn li.
Pou plis enfòmasyon konsènan Asanble Gouvènan MPO, tanpri rele (305) 375-4507 oswa ale sou sit entènèt www.miamidade.gov/mpo.
|