For Immediate Release:
March 05, 2009

Media Contact:
Griselle Marino

305-375-3778



Vis Prezidan Lèzetazini Joe Biden ak Sekretè Deta Transpòtasyon Ray LaHood Te rankontre ak Komisyonè Konte yo nan fiti anplasman sant Miami Intermodal Center


(Miami-Dade County, FL) -- 

   
(Foto pa Griselle Marino/Biwo Prezidan/KonteMiami-Dade)

Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Dennis C. Moss ak Komisyonè Sally A. Heyman, Barbara J. Jordan, Katy Sorenson, te renkontre ak Vis Prezidan Lèzetazini Joe Biden ak Sekretè Deta Transpòtasyon Ray LaHood nan fiti anplasman sant « Miami Intermodal Center, (sig angle MIC) ».  Vizit distenge sa a te fèt jou 5 mas 2009 la.   

Sant la pral sèvi kòm yon santral transpò piblik ki va konekte liy ayeryèn yo, machin lokasyon yo, otobis yo, Metrorail ak tren pasaje yo. Jou lendi an, ofisyèl yo de sektè transpòtasyon an te inogire MIA Mover, yon sistèm trajè ray leje pou deplasman piblik la ki koute $342 milyon dola, ki lè li fini, pral konekte ayewopò an ak MIC an.

Vis Prezidan Biden te di konsa, “Sant Miami Intermodal Center se jis youn nan echantiyon nan plizyè santèn pwojè konstriksyon transpòtasyon toupatou nan peyi an kap resevwa finansman dapre lwa ajeman ak rekiperasyon « American Recovery and Reinvestment Act » la ki pral amelyore enfrastrikti transpòtasyon nou an imedyatman epi ki va asire ke sistèm transpò  nou an va ekipe pou konfwonte 21 yèm syèk la – epitou moun va rekòmanse travay ».

Prezidan Moss di, “Se yon plezi pou nou ke Vis Prezidan an ak Sekretè Deta Transpòtasyon an te vini nan Konte Miami-Dade epi ke yo sipòte pwojè transpòtasyon nou yo ».


 

# # #

 

OFFICE OF THE CHAIR
BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS
CHAIRMAN DENNIS MOSS
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 320 Miami, Florida 33128
(305) 375-4832