
Foto pa Griselle Marino/ Biwo Prezidan/Konte Miami-Dade
Prezidan Komnisyon Konte Miami-Dade Dennis C. Moss, dè lòt Komisyonè Konte, Manadjè Konte a, ak dè reprezantan Biwo Majistra a vizite Washington, DC de 24-26 fevriye pou misyon anyèl Miami-Dade nan Washington, DC.
Pandan vwayaj Washington lan, plizyè reyinyon te fèt sou plan alejman ekonomik la ak sou priyorite finans ak lejislativ federal yo nan Konte a. Divès reyinyon te fèt ak Delegasyon Kongrè nou yo, Senatè Bill Nelson, Senatè Mel Martinez, Kongrèsmann Kendrick Meek, Kongrèswomann Debbie Wasserman Schultz, Kongrèsmann Lincoln Diaz-Balart, Kongrèsmann Ileana Ros-Lehtinen, ak Kongrèsmann Mario Diaz-Balart.
"Misyon Washington DC a te yon gwo siksè epi se yon misyon ki absoliman nesesè nan antisipasyon nou koumanse travay tèt ansan ak nouvo administrasyon an," pawòl Prezidan Moss. "Pandan ke nou te lòtbò an, lidè Demokrat yo nan Lachanm lage yon lajan depans $410 milya dola menm moman ke Mezon Blanch limenm konvoke yon somè sou responsabilite fiskal. Anplis, Prezidan Obama pibliye bidjè $3.55 trilyon dola pou 2010 ki mande pou asirans inivèsèl swen sante ak rediksyon taks pou fanmi ak ti revni e ak revni mwayèn".

Foto pa Griselle Marino/ Biwo Prezidan/Konte Miami-Dade
Komisyonè Konte yo te asiste tou nan divès reyinyon sou sijè ki konsènen transpò piblik ak Administrasyon Federal Transpòtasyon, Asosiyasyon Ameriken pou Transpò Piblik, Biwo Afè Entègouvènemantal Mezon Blanch, Klasman Manm John Mica de Komite Enfrastrikti ak Transpòtasyon, epi reyinyon sou sijè ki konsène echanj komèsyal ak prezidan komite " Ways and Means " la Charles Rangel ak ekip anplwaye li yo, te fèt ansanm ak Chanm Komès Greater Miami.
Pami anpil sijè ki te kouvri yo, Depatman DERM ak Pò maritim Konte Miami-Dade te adrese dè sijè tankou Drenaj Pò Miami an ak Revitalizasyon Plaj yo avèk Gary Lowe, Direktè Anchèf Divizyon Pwogram Travo Sivil Kò Enjenyè Fòs Lame. Komisyonè Sally Heyman rankonte ak estaf Sekirite Nasyonal di Sena ak Komite Afè Gouvènmantal pou li pale anfavè rapèl Seksyon 511 ak "akizisyon pwoteksyon anviwonnmantal".
Gen lòt reyinyon ankò ki te fèt konsènan plan alejman ekonomik la epi yo te distribye enfòmasyon pi presi sou kategori fon yo ki destine a Eta Florid (gade sou lis pi ba la a).
"Chif yo bay yo parèt trè ankourajan epi lis la bay Konte a yon pi bon ide de nivo finansman yo ak pwogram yo ki finanse nan plan alejman ekonomik la, kidonk ede depatman Konte yo nan preparasyon pou aplike, jwenn, epi depanse fon an nan fason pi efikas posib", Moss deklare.
Alokasyon pou Laflorid ki etabli nan " American Economic Recovery and Reinvestment Act (H.R. 1) " (lwa rekiperasyon ekonomik la).
| Ed direpou Eta Florid |
$12.37 billion |
| Finansman Federal adisyonel pou pwogram Medicaid Florid |
$4.225 billion |
| Tout lot pwogram Eta a |
$8.144 billion |
| Asistans pwogram dejene lekol |
$4.4 million |
| Pwogram asistans manje anka dijans (sig angle TEFAP) |
$5 million |
| Pwogram asistans nitrisyon siplemante (sig angle SNAP) |
$1.116 billion |
| Pwogram Manje ak Abri Anka Dijans |
$4.3 million |
| Fon finansman Eta pou dlo potab |
$89 million |
| Fon finansman Eta pou dlo pwop |
$134 million |
| Finansman Otowout |
$1.346 billion |
| Finansman Plan Transpo Piblik |
$316 million |
| Finansman esansyel lojman piblik |
$86 million |
| Finansman FWAYE |
$101 million |
| Finansman Prevansyon Sanzabri |
$66 million |
| Don Anyel (Block Grant) Devlopman Kominote |
$44 million |
| Fodelwa lokal /finansman adisyoel prevasyon gang |
$134 million |
| Viktim krim yo |
$4.7 million |
| Don pou Krim Sou Entenet Kont Timoun |
$2.2 million |
| Don Vyolans Kont Fanm |
$9 million |
| Pwogram Eneji Eta |
$125 million |
| Weatherization (konsevasyon eneji) |
$190 million |
| Don anyel (block grant) swen ak devlopman timoun |
$105 million |
| Head start |
$29 million |
| Fon estabilizasyon Eta |
$2.695 billion |
| Edikasyon «Title I» pou moun dezavantaje |
$652 million |
| Edukasyon sou Teknoloji |
$30 million |
| Don anyel (block grant) sevis kominote |
$29 million |
| Pwogram repa grandet |
$9.6 million |
| Don sevis anplwa Depatman di Travay |
$20.6 million |
| Don Eta de Depatman di Travay pou Travye depalse |
$78.4 million |
| Don Eta de Depatman di Travay pou granmoun maje |
$19.6 million |
| Don Eta de Depatman di Travay pou mine |
$43.3 million |
| Depatman Edikasyon - Reyabilitasyon Pwofesyonel |
$26.6 million |
| Depatman Edikasyon - Edikasyon Espesyal Pati B, Sek. 611 |
$627 million |
| |
|