 |
 |
| Prezidan Miami-Dade Dennis C. Moss ak madanm li, Margaret Moss ak Majorèt Marlins |
Sivivan Kansè nan Kous " Relay For Life" nan Seremoni Douvèti yo
|
Yon jounen byen ansoleye samdi 27 jen 2009, dè douzèn ekip ak sipòtè trè eksite nan kanpay Kous Relay For Life la pou konbat kansè, yo te reyini nan teren pakin nan pati Nòdès Metro Zoo an pou monte tant yo epi etale machandiz yo an preparasyon pou evennman kous Relay For Life at Metro Zoo an. Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Dennis C. Moss te dirije jefò yo pandan ke kous Relay sis semèn sa-a te jenere prèske $30,000.00 nan jefò levedfon yo, ki depase bi ki te etabli pou ranmase $25,000.00.
Kous Relay For Life 12èd tan sa-a te genyen alatèt li Prezidan Moss ki te mete aksan sou plizyè nan sivivan kansè yo, konkou dans yo, tiraj daza yo, divètisman yo, jwèt yo, kous otou teren an tout jounen an, pentire figi yo, ak anpil plezi ak Billy the Marlin ak Marlins' Cheerleaders. Sware an te fini ak yon seremoni vijil komemorasyon trè sonb ak bouji ak patisipan yo ki mache yon you teren an memwa de fanmi yo ak zanmi yo ki pèdi konba kont kansè.
Relay For Life (souvan li jis se Relay) se yon evennman levedfon American Cancer Society, epi kounyeya li popilè nan plizyè peyei. Se yon evennman ki te kreye pou gaye konsyantizasyon sou prevansyon ak tretman kansè. Epitou li selebre sivivan yo ak ranmase lajan pou rechèch nan gerizon pou kansè. Evennman an onore lavi moun sa yo ki siviv kansè, li rekonèt sa kap konbat maladi a toujou epi li panse a ki pèdi konba kont kansè an. Inisyativ levedfon sa-a ankouraje ekip yo ak patisipan yo pase tou mache oswa kouri otou teren an ak reprezantan sou teren an toutan pandan pwogram la. Evennman samdi an se te rezilta de sis long semèm jefò levedfon.
Prezidan Moss te di konsa, "Evennman sa-a se pa jis yon levedfon pou tretman ak rechèch kansè, mentou se yon gran opòtinite pou kominote an reyini ansanm, san regadans sou laj, ras, gason ou fi, pou sonje, onore ak selebre moun ki yon fason ou lòt ke maladi nefas sa-a manyen oswa afekte.Nou tout ap tann yon jou kote kansè pral fini nèt".
Prezidan Moss, Team Moss ak American Cancer Society vreman remèsye tout moun ki te patisipe nan jefò levedfon epi ki te kontribye nan jwenn total $25,000.00 ki te vize a. Endivi ki ta vle kontribye nan evennman levedfon kous Relay For Life sa-a (jiska 30 dawout 2009) oswa ki ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou evennman an kapab ale sou www.relayforlife.org/metrozoofl.