For Immediate Release:
September 03, 2009

Media Contact:
Vanessa Puig

305-375-2193



Prezidan Komisyon Dennis C. Moss diskite ansanm ak Depite Corrine Brown sou koze tren entè-iben gran vitès


(Miami-Dade County, FL) -- 
Jou 3 septanm  2009, Prezidan Dennis C. Moss te rankontre ak Depite Lèzetazini Corrine Brown nan Stephen P. Clark Center a pou diskite jefò Miami-Dade pou devlope yon sistèm tren gran vitès ki pral konekte plizyè vil Florid. Madi semèn pase -a, Komisyon an te apwouve yon rezolisyon esponnsorize pa Prezidan Moss ki te esplike sipò yo pou yon sistèm transpòtasyon ki pral konekte wout prensipal yo, tankou Miami, Orlando, ak Tampa. Prezidan Moss tap esplike  Depite Brown nesesite pou Miami-Dade patisipe nan yon pwojè transpò piblik osi enpòtan epi li mande pou Depite a bay tout sipò posib nan Washington, D.C. , Komisyonè Dorrin D. Rolle, ki se Prezidan Komite Ayewopò ak Pò Maritim Konte an te prezan ansam ak Prezidan Moss. 

Prezidan Moss te di konsa, "Genyen plizyè sektè nan konte nou an ki kab pwofite de konstriksyon yon tren entè-iben gran vitès ". "Lè se jis yon kous tren byen rapid de lòt vil enpòtan yo sa pral ogmante touris ak komès, aleje blokis sikilasyon epi redwi emisyon gaz kabonik yo, etabli deplasman pi fasil atravè Eta-a, epi ranfòse sèvis ayewopò ak pò maritim nou yo. Mwen remèsye Depite Brown aske li te asepte rankontre avèk mwen pou diskite posibilite reyalizasyon sistèm tren sa-a ak dezavantaj li yo pa sèlman pou Miami-Dade men pou tout Eta-a."


(G-D) Komisyonè Rolle de Konte Miami-Dade Dorrin D. Rolle, Depite Lèzetazini Corrine Brown, ak Prezidan Komisyon Konte  Miami-Dade Dennis C. Moss.


 

# # #

 

OFFICE OF THE CHAIR
BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS
CHAIRMAN DENNIS MOSS
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 320 Miami, Florida 33128
(305) 375-4832