For Immediate Release:
October 02, 2009

Media Contact:
Veronica C. Buie

305-375-1693



Prezidan Komisyon Konte Dennis C. Moss Ansanm ak Depatman Planifikasyon ak Zonaj Miami-Dade Prezante yon Gwoupman Plan Amenajman pou Distrik Komèsyal Anba Lavil Richmond Heights


(Miami-Dade County, FL) -- 
Granm maten jou samdi 26 septanm 2009, rezidan yo nan kominote Richmond Heights la ranpli yon pyès nan Palmetto Golf Course ki chita nan 9300 SW 152nd Street, nan Distrik 9 pou rankontre ak Prezidan Komisyon Konte Miami-Dade Dennis C. Moss pou yon Gwoupman Plan Amenajman konsènan zòn Anba Lavil Richmond Heights la. Prezidan Moss te envite Depatman Planifikasyon ak Zonaj Miami-Dade pou sèvi kòm animatè rasanbleman kominotè a. Gwoupman Plan Amenajman an, kit e pwograme pou 9è dimaten rive 3è nan lapremidi, te adrese yon pakèt sijè ak opòtinite pou Richmond Heights.

Prezidan Moss akeyi envite yo epi koumanse pataje vizyon li pou zòn Anba Lavil Richmond Heights la ak  rezondèt Gwoupman Plan Amenajman an. Li ankouraje chak moun ki te la patisipe nan plan desinaj kominote a ak nan sesyon brainstorming lan. Pami sijè ki te diskite yo se te devlopman ekonomik, sèvis sosyal ak idantifikasyon kominomotè. Objektif la se pou devlope yon plan jeneral ki baze sou sijesyon ak ide kominote Richmond Heights la konsènan Distrik Komèsyal la ki sou Olivia Edwards Boulevard (ki pot non Lincoln Blvd. tou).
  
Pandan jounen Gwoupman Plan Amenajman an, manm yo nan kominote Richmond Heights la te gade yon prezantasyon "power-point" prezante pa Depatman Planifikasyon ak Zonaj Miami-Dade epi nan pita yo divize fè sèt ti gwoup apa pou diskite ak desinen, sou papye, kisa yo ta renmen Anba Lavil Miami sanble nan lavni. Divès òganizasyon te reprezante, tankou klèje, pwopriyetè yo, fòsdelòd, aktivis kominotè yo, pwopriyetè antrepriz yo, edikatè yo, paran yo, elt.. Yo te sèvi bwason ak dejene pandan tout evennman an.

Yon Gwoupman Plan Amenajman se yon sesyon kolaboratif kote yon gwoup konseptè reyini pou elabore yon solisyon a yon pwoblèm de konsepsyon. Pandan ke estrikti yon Gwoupman Plan Amenajman gendwa varye, tou depan de pwoblèm konsepsyon an ak endividi yo ki nan gwoup la, Gwoupman Plan Amenajman yo souvan fèt dan plizyè sesyon kote gwoup yo divize an sou-gwoup epi prezante travo yo bay tout gwoup la kòm materyo pou dyalòg fiti.

Pandan ke sesyon an ap tèminen, Prezidan Moss eksprime gratitid li a kominote a, Depatman Planifikasyon ak tout lòt asosye yo ki te la pou patisipasyon yo ak enkyetid yo pou Kominote Richmond Heights la. Jou 5 oktòb 2009 la, kòm rezilta Gwoupman Plan Amenajman 26 septanm 2009 la ak sesyon konsepsyon plan swivi yo, yap prezante yon pwopozisyon final bay kominote Richmond Heights la.

   

(G a D) Prezidan Komisyon M-Dade Dennis C. Moss; Reprezantasyon Atistik "Richmond Heights Center" nan Distrik 9


Rezidan lokal yo ak envite yo nan Gwoupman Plan Amenajman Richmond Heights la


 

# # #

 

OFFICE OF THE CHAIR
BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS
CHAIRMAN DENNIS MOSS
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 320 Miami, Florida 33128
(305) 375-4832