For Immediate Release:
October 02, 2009

Media Contact:
Veronica C. Buie

305-375-1693



Prezidan Komisyon Dennis C. Moss Lonje Lamen Bay Kominote a pou Bay Sèvis Nan Egzibisyon Sante ki Sòt Fèt Resaman


(Miami-Dade County, FL) -- 
Nan maten jou 19 septanm 2009 la, rezidan yo nan zòn Florida City ak Homestead pran chimen pou ale nan egzibisyon sante ki tap fèt nan Biwo Distrik Sid Prezidan Komisyon  Dennis C. Moss la ki chita nan 1634 NW 6èm Aveni nan Florida City depi 10è dimaten rive 2è nan lapremidi. Bis medikal "Care-A-Van" Lopital Jackson lan te la pou sèvi moun ki te vini yo; moun sa yo te akeyi pa anplwaye ak asosye Jackson yo. Lè yo te rive, sitwayen lokal yo jwenn fè tès pou tansyon ak sik, tès SIDA ak enfòmasyon sou kouman pou pwoteje tèt yo. Epitou, yo te jwenn enfòmasyon sou nouvo plan asirans maladi ki rele "Cover Florida" a.

Eta Florid te chwazi plan asirans "Cover Florida" a atravè yon pwosesis apèl dòf konpetitif. Dapre Gouvènè Charlie Christ, "kouvèti asirans la volontè pou ni endividi yo ni anplwaye yo, epi si yon anplwaye chanje djòb, li kapab chwazi kontinye ak menm kouvèti asirans lan". Nan semèn yo ak mwa ki pral vini yo, Prezidan Moss pral fè aranjman pou pote plis sèvis swen sante ke konte a ofri bay rezidan yo ak elektè yo nan Distrik 9. Evennman sa a se jis youn nan plizyè evennman ke Prezidan Moss kontan prezante bay rezidan lokal yo.

Pou plis enfòmasyon konsènan Lopital Jackson ak sèvis adisyonèl ke yo bay, tanpri kontakte Mr. Marvin Cordero, M.P.A, Administratè Adjwen Biwo Afè Kominotè ak Enfòmasyon, nan 305-585-8974 oswa ale sou www.jhsmiami.org.

   


 

# # #

 

OFFICE OF THE CHAIR
BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS
CHAIRMAN DENNIS MOSS
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 320 Miami, Florida 33128
(305) 375-4832