For Immediate Release:
October 27, 2009

Media Contact:
Veronica C. Buie

305-375-1693



Prezidan Komisyon Konte Dennis C. Moss Esponsorize Rezolisyon pou Ko-Deziyen SW 180yèm Ri nan non “Serena Lakes Boulevard” nan Sid Miami-Dade


(Miami-Dade County, FL) -- 
Jou madi 20 oktòb 2009 la, Prezidan Komisyon Konte Dennis C. Moss te esponsorize yon rezolisyon pou ko-deziyen SW 180yèm Ri nan entèseksyon SW 137yèm Avni nan Sid Miami-Dade kòm Serena Lakes Boulevard. Rezolisyon sa-a se rezilta yon demann rezidan yo nan zòn la al Komite Direktè Asosiyasyon Pwopriyetè Weitzer Serena Lakes yo.

Apre anpil enkyetid ak plent ke pannkat nan mitan lari a nan kwen SW 180yèm Ri ak SW 137yèm Avni, epi pwoblèm kontinyèl de moun kap depase antre a, rezidan lokal yo ak moun yo nan zòn la te santi ke li te nesesè pou yo genyen yon estil de lari kominotè. Apre anpil konsiderasyon, li te deside ke li tap pi pratik ak nan benefis chofè yo ak pyeton yo pou yo mete yon pannkat byen wo anba limyè sikilasyon an pou li pi lizib. Plizyè moun santi ke li tap plis nan avantaj kominote an epi pi byen sèvi kominote an si konte an te ko-deziyen wout SW 180th Street la apati de SW 137th Avenue rive jiska SW 147th Avenue. Pannkat va ekri: SW 180th STREET / SERENA LAKES BLVD.

Prezidan Moss te di konsa, "Mwen konnen ke kominote an kontan ak chanjman sa-a. Non sèlman sa va ede vizitè yo, chofè yo nan zòn la ak pyeton yo tou. Mwen kwè sa va pi atiran nan zye moun." Yap monte pannkat la nan yon Seremoni Deziyasyon Woutye nan semèn kap vini yo. Yo va avize rezidan yo ak Kominote an de dat la, lè ak kote evennman sa a pral fèt.


 

# # #

 

OFFICE OF THE CHAIR
BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS
CHAIRMAN DENNIS MOSS
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, Suite 320 Miami, Florida 33128
(305) 375-4832