Jou 1e desanm 2009, Jeneral William Binger, de Baz Rezèv Èfòs nan Homestead (HARB) ak Kol. Michael McCully, Direktè Cho Ayeryèn lan ak Kòmandan Gwoup de Sipò, te pale de siksè cho 7 ak 8 novanm lan "Wings Over Homestead Air Show" epi prezante Asanble Komisyonè Konte a yon klip videyo sou evennman an.
"Pliske 200,000 espektatè te vizite baz la pou gade pi patikilyèman, pèfòmans ekip demonstrasyon ayeryèn avyon Thunderbirds Èfòs Zetazini yo, di Kol. McCully. Epitou, evennman de (2) jou sa a ofri dè espektak ekip demonstrasyon Èfòs F-15 Eagle an ak ekip demonstrasyon Lamarin F/A-18 Hornet la, ekip U.S. Army Screaming Eagles Jump Team, U.S. Air Force Jet Car, ak Sky Soldiers: Yon Omaj a Patriyòt yo. Avyon militè, ki enkli yon B-52 Bomber, KC-135 Stratotanker, C-17 Globemaster, F-16 Fighting Falcon, C-130 Hercules, ak yon elikoptè H-60 tout te an egzibisyon".
Jeneral Binger deklare ke li te egalman trè kontan paske evennman an te kontribye a sansibilize kominote a de Baz Rezèv Èfòs la. Prezidan Moss, ki te patwone yon lejislasyon pou gen yon cho ayeryèn entènasyonal komèsyal nan Konte Miami-Dade, felisite Vis-Prezidan Jose "Pepe" Diaz, ke li te nonmen kòm lyezon militè konte a, pou kantite travay li fè pou evennman "Wings Over Homestead Air Show" a.
Rezolisyon an pou gen yon cho ayeryèn komèsyal entènasyonal te patwone pa Prezidan Dennis C. Moss epi apwouve pa Asanble Komisyonè Konte a jou 3 novanm 2009.
"Cho ayeryèn komèsyal entènasyonal la kapab pwodwi yon enpak ekonomik pozitif nan Konte Miami-Dade gras a kreyasyon djòb ki va kreye dirèk e endirèk ak revni ki va ganye pa diferan antite preparasyon, jesyon ak antretyen evennman an", di Komisyonè Moss. "Pa gen okenn gwo cho ayeryèn komèsyal, ki se yon antrepriz/manifestasyon ki mete an egzibisyon teknoloji ayeryèn komèsyal, sivil, ak militè ki egziste o Zetazinini, piske tout cho ayeryèn isit yo se prensipalman dè evennman espetaktè". Sektè aviyasyon ak ayewospasyal yo se dè sektè sible nan konte a. Eta Florid gen pliske 660 konpayi aviyasyon kap opere nan konte sa a ki anplwaye pliske 13,000 anplwaye.
"Endistri aviyasyon an nan Konte Miami-Dade se yon motè ekonomik enpòtan e yon sous anplwa enpòtan. Se youn nan prensipal motè kondwit ekonomik Konte Miami-Dade epi endistri aviyasyon an se yon endistri kap byen mennen nan Ayewopò Entènasyonal Miami (MIA), Prezidan Moss kontinye esplike".
Depi fen ane 1990 yo, òganizasyon ki rele Beacon Council la ap fè dè misyon devlopman komèsyal nan Cho Ayeryèn Vil Pari a, souvan avèk reprezantasyon Komisyon Konte Miami-Dade ak Depatman Aviyasyon Konte Miami-Dade (MDAD). Jefò sa yo kondwi Beacon Council a devlope yon relasyon pwofesyonèl solid ak GIFAS (asosiyasyon endistri ayewospasyal nan peyi La France) ak Asosiyasyon Endistri Ayewospasyal (AIA). An 2008, Beacon Council asepte yon envitasyon de GIFAS pou vini nan evennmen 100tyèm anivèsè yo a nan Pari, Lafrance. Pandan vwayaj sa a, Mr. Louis Le Portz, Prezidan asosiyasyon GIFAS la, ofri envite dè reprezantan Konte Miami-Dade pou vin obsève ak aprann pwosesis planifikasyon Cho Ayeryèn Pari a; Cho Ayeryèn Pari a fèt chak dezan (ane chif enpè yo).
"Aprè ke nou te fin wè siksè espektak ayeryèn resan nou an nan HARB, mwen konvenki kounyeya pliske jamè ke si genyen yon cho ayeryèn komèsyal nan Konte Miami-Dade, sa va afime Konte a kòm yon sant aviyasyon enpòtan, pandan lap souliye enpòtans endistri aviyasyon lokal la ak sipòte komès lokal yo", Prezidan Moss Deklare.
An jwen 2009, MDAD prepare yon analiz de espektak ayeryèn komèsyal sou estil pa Pari a nan Konte Miami-Dade. Analiz MDAD la presize ke HARB gen kapasite pou ebèje yon espektak ayeryèn komèsyal enpòtan epi ke pwoksimite Pis Homestead la founi ase espas pakin pou evennman an.
Poutèt rezolisyon Prezidan Asanble a, jou 21 jiyè 2009, Beacon Council prezante li devan Komisyon Konte Miami-Dade pou prezante konsèp pou etabli yon cho ayeryèn komèsyal nan Konte Miami-Dade. Asanble a te deja pran rezolisyon anvan sa pou eksplore fezabilite yon patenarya ak HARB pou òganize yon espektak ayeryèn nan Konte Miami-Dade konfòmeman a rezolisyon Konte Nim. R-280-08 epi rezolisyon aktyèl sa a va pouse jefò sa a plis ankò. Dapre rezolisyon ki te apwove a, Biwo Afè Entègouvènemantal Konte Miami-Dade te resevwa lòd pou bay sipò entègouvènemantal nesesè yo o nivo federal ak eta pou pwomouvwa ak jwenn apwobasyon nesesè yo epi jwenn sipò pou cho ayeryèn komèsyal entènasyonal Konte Miami-Dade la.

(G-D) Kol. Michael McCully, Komisyonè Katy Sorenson, Vis-Prezidan Diaz, Jeneral William Binger, ak Prezidan Moss
