Jou 14 janvye 2010 la, Asanble Komisyon Komnte an voite pou Biwo Prezidan Dennis C. Moss kontribye $25,000 a Food for the Poor ak yon lòt $25,000 a Lakwa Wouj Amerikèn, pou ede Ayiti nan moman difisil sa yo. Komisyonè Katy Sorenson te bay patisipasyon pa li yon montan de $5,000 a Lakwa Wouj ak yon lòt $5,000 a Medsen San Fwontyè. Prezidan Komisyon an nonmen Komisyonè Audrey M. Edmonson pou kowòdone jefò èd yo pou Ayiti nan non Asanble Komisyonè Konte an (sig Angle BCC).
BCC te fè yon reyinyon ijans jodiya pou diskite kouman li ta pi bon pou yo deplwaye jefò yo pou ede zile devaste a. Majistra Konte an, Majistra Carlos Alvarez ak Manadjè Konte an, George Burgess, te patisipe nan echanj lide yo. Grefye Asanble Harvey Ruvin, Evalyatè Pwopriyete yo Pedro Garcia, Majistra Julio Robaina, ak Reprezantan Eta Rene Garcia te prezan tou pou ofri sipò yo.
Asanble a mande Majistra a pou li pran aksyon imedya pou ede Ayiti nan rekiperasyon de tranblemandtè 12 janvye 2010 la, pou li deklare yon eta dijans egziste an Ayiti, epi pou li ekspedye san fòmalite pwosedi pou dispoze de ekipman ak veyikil sipli Konte an.
Prezidan Moss di konsa, "mwen te pale ak Konsil Jeneral Ayiti a yè epi mwen te di li ke nou pral ede" .Pandan reyinyon an reprezantan de Anbasad la te vini eksprime gratitid li pou lidè yo ak rezidan Miami-Dade yo ak Sid Florid la pou asistans yo, epi li espere ke plis sekou pral rive byen vit pou estabilize peyi a.
Yon rezolisyon esponnsorize pa Komisyonè Edmonson epi ko-esponnsorize pa tout rès Asanble a mande administrasyon an deplwaye anplwaye konte yo pou ale ede an Ayiti.
Komisyonè Edmonson deklare plizyè manm fani nan distrik ak man estaf konte an poko gen nouvèl manm fanmi yo. "Genyen tèlman Ayisyen ki jodiya sanzabria ak/oubyen yo poko lokalize yo, se pou sa se pou nou mobilize vit pou nou kapab reponn rapidman a bezwen yo. Yon fwa ankò nou fèt pou demontre santiman imanitè nou."
Komisyonè Dorrin D. Rolle te eksprime enkyetid li sou kouman pou yo voye ekipman grede/traktè ak chajèlodèe pou ale detere moun yo anba debri kay yo.
Komisyonè Rebeca Sosa te konplimante inite sekou Task Force One (FLTF-1) ak inite Ekip Rechèch ak Sekou Iben Ponpye Miami-Dade la ki genyen 80 sekouris espesyalis dijans ak sèt chyen espesyalize nan rechèch souteren ki déjà pati Ayiti maten an. Yo enstale kan yo nan lakou Anbasad la. Aktyèlman MDFR genyen 2 ekip US&Rkap etidye sant epi tranblemandtè a. Ekipman espesyalize yo ki te ale Repiblik domionikèn pral rive Ayiti demn. Yo va deside ki kalite èd ki nesesè.
Komisyonè Natacha Seijas te pale pou esplike ke Catholic Charities tap eseye fè ti òfelen yo sòti de peyi vini bò isit epitou li te konplite lopital UM la ak lòt yo bò isit la ki fè deplasman pou triye malad yo pou swen medikal.
Pò Miami a ak Ayewopò a lage peman frè sèvis aterisaj ak anbakaj yo pou tout veso ak avyon ki pral sekoure zile a.
Resous:
Yo ouvè yon sant enfòmasyon nan Edison Little River Neighborhood Center ki chita nan 150 Northwest 79th Street nan Miami. Sant la pral pataje tout enfòmasyon ak kominote a epitou kowòdone ak Biwo Jesyon Dezas la sou kouman kenbe enfòmasyon yo ajou sou sa kap devlope nan zile a. Travayè sosyal ki pale Kreyòl ak Entèprèt pral la nan lokal la tou. Lè douvèti sant la se de 8 am a 6 pm men yo gendwa ekstann lè yo dapre bezwen kominote a. Nimewo telefòn yo se 305-795-1552.
Nimewo Depatman Deta a pou Ameriken kap chèche fanmi yo an Ayiti se -1-888-407-4747.
Lakwa Wouj a asepte lajan jis rele 1-800-REDCROSS. Pou kontribye $10.00, nou mèt voye yon mesaj tèks "Haiti " nan 90999. Yap chaje nou li sou bòdwo telefòn la.
Komite Entènasyonal Lakwa Wouj la [International Committee of the Red Cross (ICRC)] lanse yon lyen entènèt pou fanmi jwenn fanmi yo " Family Links Website " http://www.icrc.org/web/doc/siterfl0.nsf/htmlall/familylinks-haiti-eng?opendocument ki peral pran done non moun yo ak ki non fanmi yap chèche ya. Li pral kapab enkòpore enfòmasyon yo pwogresivman pou ofri repons a kestyon yo.
Switchboard of Miami, Inc. Disponib pou ede nenpòt moun ki genyen estrès, frustrasyon ak/oubyen depresyon poutèt eta dijans an Ayiti an. Kliyan yo, volontè yo kapab rele 305-358-HELP (4357) ou 2-1-1. Tout apè rete an tout konfidansyalite.
Don lajan kapab fèt tou atravè ajans sa yo.
World Vision
Food for the Poor
Salvation Army
Catholic Charities
Pou plis enfòmasyon tanpri rele biwo Komisyonè Edmondson nan (305) 375-5393.