Prezidan Dennis C. Moss ak Vis-Prezidan Jose "Pepe" Diaz se te 2 nan pliske 200,000 rezidan ki te patisipe nan Cho Ayeryèn "Wings Over Homestead" ki te fèt nan Baz Rezèv Èfòs Homestead la jou 7-8 novanm 2009. Apre yon entewonpsyon 18 an depi Siklòn Andrew, cho ayeryèn lan retounen anplen avèk dè bèl demonstrasyon vòl akwobatik avèk chans pou vizite ansyen avyon klasik yo. Evennman an te gratis epi ouvè pou tout piblik la.
"Mwen te espere ke anpil moun tap vin gade cho ayeryèn lan, men mwen pat janm antisipe ke tout moun sa yo tap vin nan baz la ak yon si gwo pasyon pou avyon kap vole ak pou bay sòlda militè nou yo sipò", pawòl Prezidan Moss. "San okenn dout, evennman sa a te yon gwo siksè epi mwen va kontan travay ansanm ak militè lokal nou yo yon fwa ankò pou fè pwochen cho ayeryèn lan yon pi gwo siksè ankò".
"Se te yon evennman pèsonèl pou mwen," pawòl Vis-Prezidan Diaz, ki te sèvi nan Lamarin Amerikèn. "Pandan ke cho ayeryèn lan te yon gwo sansasyon pou patisipan yo ak dè gwo manèv espektakilè, pliske tout lòt bagay seke li te reyisi montre rezidan nou yo jis nan ki pwen militè nou an devwe a sèvi ak pwoteje peyi nou an". Vis-Prezidan Diaz, ki te nonmen pa Prezidan Moss kòm lyezon militè Konte a, te travay tèt kole ak Brig. Jen. William B. Binger ak ekip anplwaye li yo pou fè evennman an vin yon reyalite.
Pandan de (2) jou, piblik la tap amize li nan yon espektak ayeryèn ki dire setèdtan epi vizite avyon militè yo, tankou P-51 Mustangs ak B-2 Spirit Bomber. Pilòt yo ki tap bay bèl kalite espektak sa yo te fè bèl demonstrasyon tou sou rechèch ak sekou pou montre kouman militè a opere nan yon anviwonnman konba.
Prezidan Moss ak Vis-Prezidan Diaz toude te prezante Brig. Jen. William B. Binger, kòmandan "482nd Fighter Wing", yon pwoklamasyon ki onore Baz Rezèv Èfòs Homestead la poutèt li òganize evennman an ak pote kokenn cho ayeryèn sa a tounen nan Konte Miami-Dade, epi mwen espere se va pou pandan dèzane ankò.
"Mwen felisite Vis-Prezidan Diaz ak ekip anplwaye li yo poutèt yo travay ak Baz Rezèv Èfòs Homestead la pou relanse cho ayeryèn lan ke kominote a ap tann depi lontan epi poutèt li bay rezidan Miami-Dade yo yon bagay pou yo selebre", Prezidan Moss di konsa.

Prezidan Konte Miami-Dade Dennis C. Moss (agòch) ak Vis-Prezidan Jose “Pepe” Diaz (adwat) prezante Brig. Jen. William B. Binger, kòmandan “482nd Fighter Wing”, ak yon pwoklamasyon pou onore jefò militè lokal li yo pou relanse Cho Ayeryèn “Wings Over Homestead” la jou 7-8 novanm 2009.

Vole ak presizyon eblouyi foul la nan Cho Ayeryèn “Wings Over Homestead”, ki te fèt nan Baz Rezèv Èfòs Homestead.