FeedbackFeedback|
Text Size:
  • A
  •   
  • A
  •  

    Reyisit Sistèm Sèvis Vwari Otomatik

    Li ofisyèl! Jou 24 jiyè 2007 la,  Depatman Jesyon Fatra [Department of Solid Waste Management (DSWM)] te finalize travay etabli sèvis vwari otomatik li yo lè li te fè livrezon bin fatra "EZGO" yo bay dènye 400 fwaye ki nan zòn ke nou desèvi an.

    "Se ak fyète ke nap di pliske 300,000 fwaye resevwa bin fatra EZGO yo kòm youn nan etap nan pwogram inovatif nou an ki pèmèt nou bay yon sèvis vwari ki pi pwòp, plis an sekirite epi pi efikas ni pou rezidan nou yo ni pou anplwaye nou yo", pawòl Direktris DSWM,  Kathleen Woods-Richardson.  

    Ranplasman sèvis vwari tradisyonel ak yon sèvis vwari otomatik se te toujou yon priyorite kontinyèl Depatman an. Divizyon administratif ak operasyon Depatman an te travay san pran souf nan dènye twazan ki sòt pase yo pou pote sistèm otomatik la nan fwaye kliyantèl vwari nou yo.  

    Menmke sistèm vwari otomatik la okonplè nan zòn de sèvis nou an, nou va kontinye ajiste, monitè ak amelyore chak fasèt nan sèvis otomatik la.  Pa egzanp,  nap travay ak dijilans pou nou reponn a demann rezidan yo pou plis bin fatra  EZGO yo ak ti piti bin yo ki 64-ak 35-galon yo. Lè nou bay opsyon nan sèvis yo sa pèmèt DSWM pèsonalize pwogram la pou li satisfè bezwen kliyan nou yo nan ba yo as yo bezwen kòm sèvis vwari.  

    Tankou nan tout nouvo pwogram oswa sèvis, genyen toujou dè leson pou moun aprann epitou de nouvo mwayen pou reyalize yon pi bon travay. DSWM angaje li pou li mete a pwen epi amelyore sèvis vwari otomatik nou an pou asire ke nan "Livre Bon Kalite Sèvis Chak Jou" bay kliyan nou yo.

    Men de konsèy enpòtan pou sèvis EZGo Cart san traka:

    • Tout fatra dwe andedan Panye Fatra “EZ Go” an epi kouvèti an dwe byen fèmen. Pa dwe gen atik sou tèt panye an. Lòt sache ki depoze atè pap ranmase.
    • Nan jou kamyon fatra pase yo, Panye Fatra “EZ Go” an dwe a 3 pye de lari an epi a omwens 5 pye de bwat a lèt w, machin ki pake, poto oswa lòt obstak.
    • Wou panye w yo dwe bay fas a lakay w.
    • Panye Fatra “EZ Go” w la dwe bò lari an anvan 7 è dimaten jou kamyon fatra ap pase.
    • W gendwa mete fatra kay, osibyenke fatra lakou tankou zèb ak fèy bwa nan Panye Fatra “EZ Go” w la. Pa mete atik tankou wòch, tè, debri bilding ak atik ki kab anflame.
    • Pou kenbe Panye Fatra “EZ Go” w la pwòp, nou ankouraje w mete fatra nan sache plastik epi rense panye an lè nesesè.
    • Laplipa rezidan pap bezwen plis ke yon panye. Mèzalò, si w ta bezwen lòt panye anplis, sa ap koute w $50 pa panye.
    • Si w enfim epi w pa kapab deplase Panye Fatra ‘EZ Go” w la, tanpri rele Seksyon Devlopman Sèvis nan 305-594-1500 pou aplike pou “asistans espesyal” sèvis koleksyon fatra.

    Kestyon ki Poze Souvan yo sou Sèvis Otomatik Koleksyon Fatra

    EZ Go Waste Cart Flyer   (in English, Spanish and Kreyol) Requires Adobe Acrobat Reader

    Pou plis enfòmasyon konsènan sèvis fatra rezidansyèl, rele 305-594-1500.
    If you cannot view PDF Get Acrobat! files, you can download Acrobat Reader  for free from Adobe Systems, Inc. In order to use PDF files, you must have Acrobat installed on your computer.
    In order to view the media Windows Mediafiles above you will need Microsoft® Windows Media Player™. If you cannot view the media files, you can download Microsoft® Windows Media Player™ for free from Microsoft Corporation.
    Print Print Email this pageE-mail Page   | Bookmark and Share
     

    You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.

    Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.