Kestyon ki Poze Souvan yo sou Sèvis Otomatik Koleksyon Fatra
- Kisa koleksyon fatra otomatik la ye?
- Kisa mwen kab mete nan Poubèl "EZ Go" la?
- Kisa ki pa dwe mete nan Poubèl "EZ Go" yo?
- Kikote pou-m met Poubèl "EZ Go" mwen an jou yap pran fatra?
- Kilè pou-m met Poubèl "EZ Go" mwen an bò lari an?
- Èske-m kab sèvi ak yon poubèl apa de Poubèl "EZ Go" Konte an bay la?
- E si mwen bezwen plis Poubèl "EZ Go"?
- E si Poubèl "EZ Go" mwen an ta vin kase?
- E si yo vòlè Poubèl "EZ Go' mwen an?
- E si mwen demenaje?
- E si mwen pa kapab woule Poubèl "EZ Go" la al mete bò lari an?
- Èske gen Poubèl "EZ Go" disponib nan dimansyon ki pi piti ke Poubèl 96 galon an?
Kisa koleksyon fatra otomatik la ye?
Koleksyon otomatik se yon sistèm pou kolekte dechè ak fatra rezidansyèl ki mande yon kamyon ak poubèl espesyal. Kamyon an genyen yon mekanis pou soulve objè ki lonje jwenn Poubèl “EZ Go” la, soulve li, vide sa ki ladan li yo epi retounen li nan pozisyon li te pran liyan. Chofè an kontwole tout pwosesis la apati konpatman kote li chita nan kamyon an san li pa desann kamyon an. Apre koleksyon an, rezidan-an responsab pou li vin pran Poubèl “EZ Go” la pou met nan plas li.Kisa mwen kab mete nan Poubèl "EZ Go" la?
W kab mete fatra kay ak fatra lakou tankou zèb ak fèy bwa. Tout fatra ak dechè dwe byen rantre andedan Poubèl “EZ Go” la epi kouvèti an dwe byen fèmen. Pa dwe gen okenn atik fè pil sou tèt Poubèl “EZ Go” la ni atè bò poubèl la. Pou kenbe Poubèl “EZ Go” w an pwòp, nou ankouraje-w mete tout fatra nan sache plastik epi rense poubèl la lè nesesè.
Kisa ki pa dwe mete nan Poubèl "EZ Go" yo?
PA met wòch – PA met tè – PA met debri konstriksyon – PA met materyèl ki kab fè . anm dife.Kikote pou-m met Poubèl "EZ Go" mwen an jou yap pran fatra?
Mete Poubèl “EZ Go” an a 3 pye de lari an epi a omwens 5 pye de bwat a lèt w, machin ki pake, poto oswa lòt obstak. Wou panye yo dwe bay fas a lakay w. Apre yo n pran fatra-a, retire Poubèl “EZ Go” la pou met nan plas li.Kilè pou-m met Poubèl "EZ Go" mwen an bò lari an?
Poubèl “EZ Go” w la dwe bò lari an anvan 7 è dimaten nan jou regilye kamyon fatra ap pase.Èske-m kab sèvi ak yon poubèl apa de Poubèl "EZ Go" Konte an bay la?
Rezidan ki resevwa sèvis otomatik koleksyon fatra pa gendwa sèvi ak okenn poubèl apa de Poubèl “EZ Go” Konte an founi an.E si mwen bezwen plis Poubèl "EZ Go"?
Laplipa rezidan yo pap bezwen plis pase yon grenn bwat fatra 96 galon EZ Go Waste Cart. Mèzalò, w kapab mande pou yon dezyèm bwat fatra jis telechaje fòmilè EZ Cart Order Form
la epi ranpli li apre fakse li ba nou nan 305-514-6219. Tout ekstra bwat fatra va koute nou $50 dola chak.
E si Poubèl "EZ Go" mwen an ta vin kase?
Si poubèl la kase pandan yap pran fatra, Konte an va repare oswa ranplase Poubèl “EZ Go” w la gratis. Si poubèl la kase akoz neglijans, abi, rache kraze, oswa modi. kasyon, w va responsab achte yon poubèl ranplasman.
E si yo vòlè Poubèl "EZ Go' mwen an?
W dwe rapòte vòl la Lapolis. Konte an ap ranplase gratis yon poubèl ke yo volè, si w bay yon nimewo dosye lapolis la.
E si mwen demenaje?
Poubèl “EZ Go” la se pwopriyete Konte an. Li dwe rete ak kay la pou pwochen rezidan an.
E si mwen pa kapab woule Poubèl "EZ Go" la al mete bò lari an?
Si w enfirm epi w pa kapab deplase Poubèl “EZ Go” w la met bò lari, w kab aplike pou asistans espesyal sèvis koleksyon fatra.
Èske gen Poubèl "EZ Go" disponib nan dimansyon ki pi piti ke Poubèl 96 galon an?
Wi, si w prefere yon poubèl ki pi piti, nou kab fè-w jwenn youn 64 galon oswa 35 galon.To find which days are collection days for your area, visit the Services in Your Neighborhood site.






