For Immediate Release:
July 21, 2009

Media Contact:
Frank Calderon
fcald@miamidade.gov
305-514-6751



Jen 2009 la se te yon mwa rekò pou resiklaj nan Miami-Dade


(Miami-Dade County, FL) -- 
Konte Miami-Dade pote yon nouvo rekò an jen 2009, li rive nan pi gwo total tonaj mansyèl pou resiklaj depi jou Konte an te derape ak sèvis resiklaj devan pòt gen 19 an de sa!

"Nou voye je nou nan tan dantan jis nan mwad me 1990 epi nou wè ke mwad jen pase la-a pwogram ranmasaj resiklaj devan pòt la ranmase plis materyo resiklaj ke nenpòt lòt mwa pase yo," Direktris Kathleen Woods-Richardson de Jesyon Fatra tap esplike.  "Nou ranmase 5,556 tòn pwodwi resiklaj an jen 2009, yon nouvo rekò pou Konte Miami-Dade." 

Rekò sa-a fèt pandanke Konte Miami-Dade ap konplete premye ane an antye nouvo pwogram resiklaj yon bin devan pòt li an, kote rezidan yo kapab depoze tout pwodwi resiklaj yo nan yon grenn bin. Ki vle di, total resiklaj la depase 5,000 tòn de fwa plis depi pwogram resiklaj yon grenn bin Miami-Dade la koumanse an jen 2008 la.  

"Nou ranmase pliske 5,000 tòn ni an desanm 2008 epi ni an janvye 2009," Mrs. Woods-Richardson te esplike.  "Pwogram resiklaj yon grenn bin nou an déjà se yon gran siksè, poutèt fasilite li epi patisipasyon antouzyas sitwayen nou yo ki vreman vle pwoteje ak prezève anviwonnman nou an." 

Sèvis resiklaj devan pòt se yon sèvis ki desèvi pliske 340,000 fwaye nan zòn sèvis Depatman Jesyon Fatra a, ansanm ak 11 minisipalite ki patisipe ladan li tou.  Rezidan yo plase materyo pou resiklaj yo-vit, aliminyòm, asye, palstik, ak tout kalite papye-nan yon grenn bin resiklaj ki sou wou.  

Pou plis enfòmasyon sou pwogram resiklaj nan yon grenn bin Miami-Dade, vizite sit entènèt  Depatman Jesyon Fatra nan: www.miamidade.gov/dswm/

 


 

# # #

 

SOLID WASTE MANAGEMENT