Genyen kat fason w ka vote:
Vote Pi Bonè - Vote pa Korespondans - Vote nan Jou Eleksyon - Vote Bilten Pwovizwa
- Vote Pi Bonè
Peryòd Vote pi Bonè an ofri w tout yon kantite jou epi tout yon chwa lokal biwo vòt aksesib paske yo tou pre lakay w oswa travay w.
- Vote pa Korespondans
Pouki pou tann? Vote lè w pito. Jodiya, mande yon bilten vòt pa korespondans epi vote alèz chita lakay w. San kanpe nan liy, san pèdi tan.
- Vote nan Jou Eleksyon
Nan Jou eleksyon an, ou kapab vote nan biwo vòt ki deziyen pou w (jwenn li sou Kat Enfòmasyon Votè w la) oswa w kapab jwenn biwo vòt w an sou entènèt la.
- Vote Bilten Pwovizwa
Yon votè ki byen enskri epi elijib pou vote nan biwo vòt li kapab vote ak yon bilten vòt pwovizwa si yo pa kapab etabli elijibilite li. Si w vote ak yon bilten vòt pwovizwa, tcheke ki estati bilten vòt w ak sistèm Trakè Bilten Vòt Pwovizwa nou an.
- Pwogram Konfidansyalite Adrès
Biwo Minis Lajistis la jere Pwogram Konfidansyalite Adrès la [Address Confidentiality Program] (ACP sig angle). Lejislati Florid la te etabli pwogram sa a lè yo rekonèt ke moun kap eseye sove de sityasyon oswa menas vyolans familyal oblije chanje adrès souvan, yon fason pou yo demake epi anpeche atakan yo oswa moun ki ta gen dwa atake yo jwenn yo. Rezon dèyè lwa sa a se pou fè li posib pou ajans Eta ak lokal yo kapab reponn a demann pou rejis piblik yo san ke yo pa devwale lye kote viktim vyolans familyal la abite. Tout patisipan nan pwogram ACP an ki genyen pliske 18 an daj epi ki elijib pou enskri pou vote kapab vote anba kategori Votè Rejis Pwoteje [Protected Records Voters]. Kòm Votè Rejis Pwoteje, yo kapab patisipe nan eleksyon nasyonal, eta, ak lokal san mete an danje konfidansyalite kote yo abite an. Pou plis enfòmasyon, tanpri refere a Pwosedi Pwogram Konfidansyalite Adrès .
Si w pa kapab li dosye PDF la, ou kapab ale nan Acrobat Reader gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
|