Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Elections
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Enskripsyon Votè | Vote | Nouvèl ak Aktivite yo | Ofisyèl Gouvènman yo | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Enskripsyon Votè space
  • Enskri pou Vote
  • Ranplasman Kat Enfòmasyon Votè
  • Chanjman nan Enskripsyon yo
  • space
    Vote space
  • Kijan pou Vote
  • Videyo Aprann Kijan pou Vote
  • Kikote pou Vote
  • Sa pou Pote
  • Bilten Vòt Pa Korespondans
  • Lokal pou Vote Pi Bonè
  • Echantiyon Bilten Vòt yo
  • space
    Nouvèl ak Aktivite yo space
  • Kalandriye Eleksyon yo
  • Pwogram Konsètasyon Votè yo
  • Nòt Deprès yo
  • space
    Ofisyèl Gouvènman yo space
  • Kijan pou Poze Kandidati w
  • Ofisyèl Eli yo
  • Lis Kandida yo/Komite yo
  • Devwale Finans yo
  • Djòb sou Kote
  • space
    space space
    Print Print Email Email Helpful? Helpful?
    space
    space

    English | Español

    space
    Anplwaye Biwo Vòt yo

    Kiyès ki Anplwaye Biwo Vòt Jou Eleksyon an?
    Si w te ale nan biwo vòt Jou Eleksyon, w te wè vwazen w yo kap travay epi w petèt tap mande tèt w kijan pou ta kab travay kòm Anplwaye Biwo Vòt.  Gen pliske 5,000 Anplwaye Biwo Vòt ke Sipèvizè Eleksyon yo nonmen nan Konte Miami-Dade la pou asire dè eleksyon jis ak san fòt.  Paj entènèt sa a esplike kijan w kapab vin yon Anplwaye Biwo Vòt nan Miami-Dade.

    Ki sa pou mwen fè pou mwen kapab vin yon Anplwaye Biwo Vòt?
    Se pou w se yon votè enskri nan Konte Miami-Dade epi pou konn li ak ekri Anglè.  Yo va egzije pou w  resevwa fòmasyon kòm Anplwaye Biwo Vòt.

    Ki diferan pòs ki genyen kòm Anplwaye Biwo Vòt?
    Grefye
    a an chaj tout administrasyon nan biwo vòt yo, epi li genyen dè responsabilite adisyonèl anvan jou eleksyon a, tankou kontakte tout Anplwaye Biwo Vòt nan biwo vòt sa a, ranmase tout founiti yo anvan Jou Eleksyon an, enspeksyon tout biwo vòt ak soumèt bilten vòt yo.  Asistan Grefye a ede Grefye a nan tout responsabilite li yo, epi kapab menm Grefye enterimè, si li ta nesesè.  Enspektè a trete ak votè yo, fè demonstrasyon sou kijan pou vote, emèt bilten vòt epi asire ke votè an vote kòrèkteman.  Depite an kenben lòd ak ranfòse lalwa andeyò de zòn kote yap vote a.

    Èske yap peye mwen pou travay kòm Anplwaye Biwo Vòt?
    Wi.

    Ki kalite fòmasyon yo egzije Anplwaye Biwo Vòt la resevwa?
    Tout Anplwaye Biwo Vòt oblije resevwa fòmasyon anvan eleksyon yo.  Fòmasyon sa a fèt yon mwa anvan jou eleksyon a.  Nenpòt ki Anplwaye Biwo Vòt ki pa resevwa fòmasyon anvan eleksyon an pa kalifye pou travay.

    Si mwen deja travay nan biwo vòt yo, èske mwen bezwen reyaplike pou chak sik eleksyon?
    Depi w fin travay nan biwo vòt jou eleksyon an, dosye w la ap rete aktif epi w pa bezwen aplike ankò.  Si w vle konnen si w toujou nan rejis aktif Anplwaye Biwo Vòt la rele biwo nou an nan 305-499-8448.

    Kijan map konnen kote mwen pral travay?
    Nou eseye deziye tout Anplwaye Biwo Vòt yo nan biwo vòt katye lakay yo si li posib.  Si biwo vòt lakay w an  ranpli, yap voye al travay nan yon lòt biwo vòt tou pre.

    Si mwen pa travay nan biwo vòt lakay mwen, kijan map fè vote?
    Tout Anplwaye Biwo Vòt ki travay andeyò biwo vòt lakay yo fèt pou mande yon Bilten Vòt Pa Korespondans Pou Moun ki Pap La epi remèt Bilten Pa Korespondans Pou Moun ki Pap La yo nan biwo nou anvan jou eleksyon an.

    Ki orè travay la?
    Biwo vòt yo ouvè de 7 a.m. (di maten) a 7 p.m. (diswa).  Tout Anplwaye Biwo Vòt fèt pou nan biwo vòt deziye a a 6 a.m. (di maten) nan maten eleksyon an.  Jounen an fini pou Enspektè yo ak Depite yo lè envantè tout bilten vòt yo fin fèt epi tout materyo yo anbale.  Grefye ak Asistan Grefye an fèt pou transpòte tout bilten vòt yo ba sant koleksyon an.  Anplwaye Biwo Vòt yo pa gendwa kite biwo vòt kote yo deziye yo an jou eleksyon a.

    space
    Si w pa kapab li dosye PDF Get Acrobat! la, ou kapab ale nan Acrobat Reader  gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
    space
    space
    Resous Adisyonèl yo
    space
    Kontakte Nou


    Imèl Eleksyon

    Demann Dosye Piblik

    Biwo Santral:
    2700 NW 87th Ave.
    Miami, FL. 33172

    Biwo
    305-499-VOTE (8683)

    Nimewo TTY
    305-499-8480

    Faks
    305-499-8547

    Sikisal:
    Sant Enfòmasyon Votè (VIC)
    Stephen P. Clark Center
    111 NW 1st Street,
    Suite #112
    Miami, FL. 33128
    (1st Floor, West Lobby)

    Biwo
    305-375-5553

    Faks
    305-375-2525

    plis

    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2008 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo