Enskri pou vote se yon dwa liye. Li disponib pou tout moun ki ranpli egzijans sa yo. Nan Konte Miami-Dade gen anpil ajans ofisyèl kote w kab al enskri an pèsòn oubyen pran fòm enskripsyon votè yo:
Si w bezwen plis enfòmasyon sou ajans ki pi pre a, oswa si w ta renmen resevwa fòm la pa lapòs, kontakte biwo nou yo nenpòt ki jou la semenn ant 8 AM (di maten) ak 5 PM (di swa), nan (305) 499-8363.
Lè w enskri w pou vote, lalwa egzije adrès lakay w. Si w bay yon adrès sèvis lapòs, bwat postal, oubyen adrès biznis, yo pap asepte aplikasyon an, epitou sa kab lakòz ke yo pa asepte enskripsyon w lan epi sa gen dwa lakòz tou pou yo pa pwosede ak enskripsyon w lan a tan pou yon eleksyon. Bwat postal yo ak lòt adrès biznis yo kapab asepte kòm adrès pou resevwa lapòs, men pa kòm adrès lakay w.
W kab enskri w sou entènèt ak Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè ke Depatman Eleksyon Eta Florid founi. Tape enfòmasyon w an sou fòm la epi enprimel, oswa w kab enprimel anvan epi ranpli enfòmasyon an alamen. W ka enprime fòm lan, ranpli li, siyen li epi voye orijinal fòm tou siyen an bay:
Supervisor of Elections
P.O. Box 521550
Miami, Florida 33152
Pwogram Konfidansyalite Adrès
Biwo Minis Lajistis la jere Pwogram Konfidansyalite Adrès la [Address Confidentiality Program] (ACP sig angle). Lejislati Florid la te etabli pwogram sa a lè yo rekonèt ke moun kap eseye sove de sityasyon oswa menas vyolans familyal oblije chanje adrès souvan, yon fason pou yo demake epi anpeche atakan yo oswa moun ki ta gen dwa atake yo jwenn yo. Rezon dèyè lwa sa a se pou fè li posib pou ajans Eta ak lokal yo kapab reponn a demann pou rejis piblik yo san ke yo pa devwale lye kote viktim vyolans familyal la abite. Tout patisipan nan pwogram ACP an ki genyen pliske 18 an daj epi ki elijib pou enskri pou vote kapab vote anba kategori Votè Rejis Pwoteje [Protected Records Voters]. Kòm Votè Rejis Pwoteje, yo kapab patisipe nan eleksyon nasyonal, eta, ak lokal san mete an danje konfidansyalite kote yo abite an. Pou plis enfòmasyon, tanpri refere a Pwosedi Pwogram Konfidansyalite Adrès .
Si w pa kapab li dosye PDF la, ou kapab ale nan Acrobat Reader gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
|