Chanjman Adrès Nan Konte Miami-Dade
Votè ki enskri nan Konte Miami-Dade kapab chanje adrès yo pa imèl, telefòn, faks, oswa nan soumèt yon Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè ak enfòmasyon ki ajou. Pou kapab fè chanjman adrès w, w fèt pou enkli enfòmasyon ki swiv yo:
- Non Konplè (Non, Lòt Non, ak Siyati)
- Nouvo Adrès Kay w
- Nouvo Adrès Postal (si li diferan)
- Dat Nesans
- Telefòn
- Imèl
- Faks
Èske w sòti nan yon lòt konte pou vini abite nan Miami-Dade oubyen wap demenaje ale abite nan yon nouvo konte nan Florid?
- Se pou w konnen ke demenaje de yon konte Florid a yon lòt konte Florid mande pou w ranpli yon nouvo Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè nan nouvo konte w abite a. Kontakte Biwo Eleksyon lokal w a pou mande yon fòm enskripsyon oswa pou jwenn plis enfòmasyon. Pou yon lis tout biwo Sipèvizè Eleksyon yo pou chak Konte Florid, ale sou: http://election.dos.state.fl.us/SOE/supervisor_elections.shtml
Chanjman Non oswa Chanjman Pati Politik
-
Pou nenpòt chanjman non oswa chanjman pati politik, Lwa Eta egzije ke w ranpli yon nouvo Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè ak nouvo enfòmasyon yo ki enkli yon siyati orijinal sou dokiman an. Yo pap asepte chanjman non oswa pati politik ki fèt pa faks oswa pa imel.
-
Lè w chanje adrès, lalwa egzije ke se yon adrès rezidansyèl nan Konte Miami-Dade. Si w bay nenpòt kalite adrès sèvis lapòs, bwat postal, oubyen adrès biznis, yo pap asepte chanjman an, epitou sa kab lakòz ke yo pa asepte enskripsyon w lan, epi sa gen dwa lakòz tou yon reta nan pwosesis enskripsyon ak/oswa vote w.
Imel:
register@miamidade.gov
Telefòn:
305-499-VOTE
Faks:
305-499-8547
Adrès Postal:
Supervisor de Elecciones
P.O. Box 521550
Miami, Florida 33152
Siyati Ajou
Li enpòtan pou mete siyati w ajou paske fason w siyen konn chanje okou ane yo. Pou soumèt yon nouvo siyati, tanpri ranpli yon Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè epi tcheke bwat ki make "siyati ajou" a ki nan tèt aplikasyon an.
Si w pa kapab li dosye PDF la, ou kapab ale nan Acrobat Reader gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
|