For Immediate Release:
September 15, 2008

Media Contact:
Marie Bertot
mbertot@miamidade.gov
305-375-2274



Depatman Eleksyon Miami-Dade Ap Raple Rezidan Yo Ke Yo Fèt Pou Enskri Pou Vote Pa Pita Ke 6 Oktòb


(Miami-Dade County, FL) -- 
Ak Eleksyon Jeneral 4 novanm lan ki pral rive sou nou nan mwenske de mwa sèlman, Depatman Eleksyon Miami-Dade vle raple tout moun ki pral vote pou lapremyè fwa yo, ke si pou yo vote, dabò yo fèt pou enskri. Dat limit pou enskri pou Eleksyon Jeneral la se 6 oktòb. Moun ki pa enskri anvan dat limit la pap elijib pou vote nan Eleksyon Jeneral la, ki enkli konkou prezidansyèl la.

Elektè ki deja enskri yo pa bezwen re-enskri, men kanmèm Depatman an ankouraje elektè yo mete adrès yo, afilyasyon politik yo, ak siyati yo ajou, si sa nesesè. Elektè yo ka ale sou sit wèb Depatman an ki ekri pi ba la-a pou tcheke si yo deja travay sou aplikasyon enskripsyon yo an.

Pou nouvo rezidan yo ak moun ki pral vote pou lapremyè fwa yo elijib, yo fèt pou:

  • gen 18 an laj oswa piplis (enskripsyon davans koumanse a laj 16 an si moun lan gen lisans kondwi);
  • se sitwayen Zetazini;
  • rezidan pèmanan nan Konte Miami-Dade. Pa gen yon minimòm tan pou yon moun ap viv nan Konte Miami-Dade pou li konsidere kòm rezidan pèmanan.

"Si w se yon sitwayen Ameriken ki gen 18 an laj epi kap viv nan Miami-Dade, w fèt pou se yon votè enskri, pwen ba", pawòl Lester Sola, Sipèvizè Eleksyon Miami-Dade, "nou prè pou nou asepte tout elektè, alò mwen ankouraje tout moun pwofite sòti ale votè".

Rezidan yo ka enskri pou vote nan yon divès lokal ki enkli:

  • Bibliyotèk Piblik Konte Miami-Dade yo;
  • Biwo Team Metro yo;
  • Laplipa lakomin vil yo;
  • Ajans biwo wèlfè Eta yo;
  • Biwo Sikilasyon (lisans) yo; ak
  • De Biwo Depatman Eleksyon Miami-Dade (2700 NW 87 Ave oswa 111 NW 1st Street)

Oubyen elektè yo ka:

  • Ale sou www.miamidade.gov/elections pou enprime yon fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè
  • Rele 3-1-1 pou mande yon Aplikasyon Enskripsyon Votè.

Aplikasyon enskripsyon votè yo fèt pou gen sou yo yon siyati orijinal epi se pou voye li nan adrès ki sou fòm lan.

Pou plis enfòmasyon, tanpri rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov/elections


 

# # #

 

ELECTIONS
2700 NW 87th Ave.
Miami, Florida 33172
305-499-VOTE (8683)