Yon Kat Enfòmasyon Votè gen tout enfòmasyon idantifikasyon yo sou li, ak tout enfòmasyon sou lokal pou vote ak lòt enfòmasyon konsènan eleksyon.
Yon votè ka resevwa yon ranplasman Kat Enfòmasyon Votè pa demann alekri ak tout siyati bay Depatman Eleksyon. Yon fwa yo fin verifye enskripsyon w, Depatman Eleksyon va ba w yon ranplasman kat votè san okenn frè. An ka chanjman non, adrès, oswa afilyasyon politik, Depatman an va ba w yon nouvo kat enfòmasyon votè.
Kisa sa vle di si mwen resevwa yon nouvo Kat Enfòmasyon Votè?
Yo ka poste voye bay w yon nouvo Kat Enfòmasyon Votè:
-
An repons a yon chanjman w te soumèt bay Depatman an (tankou, chanjman non, adrès, oswa afilyasyon politik),
-
Si gen yon chanjman tanporè oswa pèmanan de yon lokal pou vote, ak/oswa,
-
Nan ka kote Depatman Eleksyon poste kat voye bay tout votè enskri nan konte a alawonnbadè.
Kouman pou m fè demann yon Kat Enfòmasyon Votè ranplasan?
-
Tanpri voye yon demann alekri ki enkli non w, dat nesans w, epi siyati w oubyen ranpli yon nouvo fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè. Piske Lalwa Florid egzije yon siyati orijinal, nou pa kapab pran demann pa telefòn. W ta sipoze resevwa Kat Enfòmasyon Votè ranplasan w lan nan twa semèn.
Poste Demann Ranplasman Kat Enfòmasyon Votè yo bay:
Attn: Registration Division
Supervisor of Elections
P.O. Box 521550
Miami, Florida 33152
Men yon egzanp pi ba la-a de kouman nouvo Kat Enfòmasyon Votè a sanble:
|