miamidade.gov | Departments | Government
 
space
Elections
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Enfòmasyon pou | Enskripsyon | Fason pou Vote | Sistèm Vòt | Sal Medya | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Enfòmasyon pou space
  • Kandida yo ak Komite yo
  • Travayè Biwo Vòt yo
  • Votè yo
  • Votè ak Bezwen Espesyal
  • space
    Enskripsyon space
  • Elijibilite
  • Kouman pou Enskri
  • Dat Limit Enskripsyon
  • Chanjman nan Enskripsyon yo
  • Kat Enfòmasyon Votè
  • space
    Fason pou Vote space
  • Vote pi Bonè
  • Vote pa Korespondans
  • Pou Vote nan Jou Eleksyon
  • Bilten Vòt Pwovizwa
  • space
    Sistèm Vòt space
  • Deskripsyon Nouvo Sistèm Vòt
  • Demonstrasyon sou Videyo
  • space
    Sal Medya space
  • Kalandriye Elektoral
  • Rezilta Eleksyon
  • Pwogram Asistans Kòminotè
  • Ofisyèl Eli yo
  • Rapò Finansye
  • Djòb sou Kote
  • Nòt Deprès yo
  • Resous Adisyonèl yo
  • space
    space space
    Print Print Email this page E-mail Page Contact Webmaster Contact Webmaster Bookmark and Share
    space
    space

      

    space
    Kesyon Moun Plis Poze yo
    Enfòmasyon swivan yo se pou edike rezidan Konte Miami-Dade yo sou pwosesis vote a. Pou plis enfòmasyon, tanpri rele Depatman Eleksyon Miami-Dade nan 305-499-VOTE (8683).

    Kesyon pou Anvan Jou Eleksyon

     

    Kesyon pou Jou Eleksyon

     

    Kesyon Sou Ekipman pou Vote


    Kesyon pou Anvan Jou Eleksyon

      Poukisa mwen resevwa yon nouvo Kat Enfòmasyon Votè?
    Si w te ranpli yon aplikasyon enskripsyon epi w te mete nenpòt enfòmasyon ajou, oswa w te tcheke bwat pou kat ranplasan an, w va resevwa yon nouvo kat enfòmasyon votè. Anplis, pou nou avize w depi gen yon chanjman pèmanan de biwo vòt, nou voye kat enfòmasyon ba w ak enfòmasyon ajou yo sou li. Epi ankò, detanzawot nou voye nouvo kat bay tout votè nan konte a alawonnbadè, tanpri ale sou paj sitwèb Kat Enfòmasyon Votè a.

    Top

      Kouman pou mwen konnen si mwen se yon votè enskri?
    Pou w tcheke estati enskripsyon w, ale sou paj Tcheke Estati Enskripsyon w  la.

    Top

      Kisa pou mwen fè si mwen demenaje?
    Si w fèk demenaje vin nan Konte Miami-Dade, rele Depatman Eleksyon nan 311 pou enfòmasyon sou enskripsyon pou vote. Si w te demenaje andedan Konte Miami-Dade epi w te deja enskri pou vote, rele Depatman Eleksyon nan 311. Pou plis enfòmayson, tanpri ale sou paj Chanjman Enskripsyon an.  Tanpri note ke w FÈT pou enskri 29 jou anvan yon eleksyon si pou w vote nan eleksyon sila.

    Top
      Kouman pou mwen chanje afilyasyon politik mwen oswa non mwen sou Kat Enfòmasyon Votè mwen?
    Pou nenpòt chanjman pati politik oswa chanjman non, Lalwa Eta egzije ke w ranpli yon nouvo Fòm Aplikasyon Votè ak nouvo enfòmasyon ki enkli yon siyati original sou dokiman an. Yo pap asepte chanjman pati politik oswa chanjman non ki fèt pa faks oswa pa imel. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Chanjman Enskripsyon an.

    Top

      Kouman pou mwen konnen kote biwo vòt mwen ye?
    Jou Eleksyon, w fèt pou ale nan lokal pou vote ki deziyen pou adrès w an.  Pou jwenn ki kote pou w'al vote, rele 311 oswa klike sou Jwenn Biwo Elektoral Pa w la.

    Top

      E si mwen poko resevwa Kat Enfòmasyon Votè mwen?
    Si w enskri pou vote oswa fè yon chanjman (tankou adrès oswa pati politik) nan enskripsyon w, epi w pat resevwa yon nouvo Kat Enfòmasyon Votè, rele 311.

    Top

      Èske mwen ka vote ak yon bilten vòt pa korespondans?
    Wi. Si w se yon votè enskri, w ka mande yon bilten vòt pa korespondans. Demann w an fèt pou fèt alekrit. Pou plis enfòmasyon sou fè demann pou yon bilten vòt pa korespondans, tanpri rele 311 oswa ale sou paj Vote Pa Korespondans la.

    Top

      Èske mwen ka vote anvan Jou Eleksyon?
    Wi. Eta Florid pèmèt votè yo vote bonè. Pou yon lis lokal vote pi bone ak pou plis enfòmasyon sou vote pi bonè, rele 311 oswa ale sou Vote Pi Bonè.

    Top

      Konbyen kòb tenm lapòs pou anvlòp map poste Bilten Vòt Pa Korespondans la tounen?
    Yon tenm nòmal sifizan pou poste yon bilten vòt pa korespondans. Depatman Eleksyon mete li dakò ak Biwo Lapòs Lèzetazini pou yo livre tout bilten vòt yo ba nou san reta.

    Top

      Èske se vre Bilten Vòt Pa Korespondans la konte sèlman lè eleksyon an sere?
    Bilten Vòt Pa Korespondans yo konte epi sètifye menm jan ak bilten vòt ki vote Jou Eleksyon nan yon biwo vòt, kèlkeswa kantite moun ki vin vote. Bilten Vòt Pa Korespondans yo se premye bilten vòt ki konte pou chak rezilta eleksyon.

    Top

      Èske se pou mwen gen konfyans ke vòt mwen ap konte si mwen vote Pa Korespondans oswa Vote Pi Bonè?
    Gen 20 Lokal Vote Pi Bonè toupatou nan Konte Miami-Dade kote ke votè yo ka vote pandan de semèn jis anvan eleksyon. Yon votè ka chwazi yon lokal ki toupre lakay li oswa travay li. Votè yo va resevwa bilten yo dapre enfòmasyon ki sou aplikasyon enskripsyon votè a. Kèlkeswa lè votè an ale vote nan yon lokal Vote Pi Bonè pandan peryòd de semèn lan, resilta yo konte nan Jou Eleksyon.

    Top

      Kouman pou mwen vin yon anplwaye biwo vòt?
    Pou vin yon anplwaye biwo vòt, sèlman ranpli epi soumèt Aplikasyon Anplwaye Biwo Vòt la.  Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Anplwaye Biwo Vòt la.

    Top


    Kesyon pou Jou Eleksyon

      Èske mwen ka vote si adrès sou Pèmi Kondwi mwen pa matche ak sak sou Kat Enfòmasyon Votè mwen?
    Li pa nesesè pou adrès ki sou lisans w menm ak adrès ki sou Kat Enskripsyon Votè w. Pyès idantifikasyon w prezante nan lokal pou vote a se sèlman pou konfime idantite votè a – pa pou verifye nimewo kat didantite ak adrès votè a.  Travayè biwo vòt la va konpare foto ki sou pyès idantifikasyon an ak visaj moun ki kanpe devan li-a epi lap konpare siyati ki sou pyès la ak jan votè a siyen non li nan rejis lokal la lè li vin vote. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sou paj Twous Lis Enfòmasyon an.

    Top

      E si anplwaye biwo vòt la di mwen pa ka vote epi mwen pa dakò?
    Si anplwaye biwo vòt la di ke w pa elijib pou vote men w menm w kwè ke w elijib, w ka vote ak yon bilten vòt pwovizwa. Yo bay Bilten Vòt Pwovizwa a yon votè ki vin vote epi yo pa kapab detèmine elijibilite li lè sa-a. Yon bilten vòt pwovizwa ofri menm chwa ak sa ki sou bilten vòt nòmal la. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Vòt Pwovizwa a.  Wap gen 2 jou ouvrab apre eleksyon an pou soumèt prèv ke w te elijib pou vote. W ka tcheke tou sou ki pwen bilten vòt pwovizwa w la ye nan paj Trake Bilten Vòt Pwovizwa a.

    Top

      E si anplwaye biwo vòt la ba mwen yon bilten vòt pwovizwa?
    Dapre Lalwa Florid, yon votè ki deklare ke li te byen enskri pou vote nan eta-a epi li elijib pou vote nan eleksyon an nan lokal kote li ale vote a, men yo pa ka detèmine elijibilite li, va gen dwa vote ak yon bilten vòt pwovizwa. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Vòt Pwovizwa a.  Wap gen 2 jou ouvrab apre eleksyon an pou soumèt prèv ke w elijib pou vote.  W ka tcheke tou sou ki pwen bilten vòt pwovizwa w la ye nan paj Trake Bilten Vòt Pwovizwa a.

    Top

      Èske mwen dwe sèvi ak yon bilten vòt pwovizwa si mwen jis bezwen chanje adrès mwen?
    Non, grefye a ap ranpli yon fòm afimasyon pou dokimante chanjman dadrès w.

    Top

      Ki kalite pyès idantifikasyon mwen bezwen pou mwen ka vote?
    Pou w ka vote nan nenpòt lokal vote pi bonè oswa biwo elektoral, w fèt pou montre yon pyès idantifikasyon valid ak foto ak siyati ki ajou. Pou plis enfòmasyon, gade sou Twous Lis Enfòmasyon an.

    Top

      E si mwen bliye Kat Didantite mwen?
    Si w pa gen pyès idantifikasyon aseptab lè w'al vote, yo dwe ba w yon Bilten Vòt Pwovizwa. Dapre Lalwa Florid, yon votè ki deklare ke li te byen enskri pou vote nan eta-a epi li elijib pou vote nan eleksyon an nan lokal kote li ale vote a, men yo pa ka detèmine elijibilite li, va gen dwa vote ak yon bilten vòt pwovizwa. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite paj Vòt Pwovizwa a.  Wap gen 2 jou ouvrab apre eleksyon an pou soumèt prèv ke w te elijib pou vote. W ka tcheke tou sou ki pwen bilten vòt pwovizwa w la ye nan paj Trake Bilten Vòt Pwovizwa a.

    Top

      E si mwen pa ka li bilten an oubyen mwen gen yon enfimite ki rann li difisil pou mwen vote?
    Chak biwo vòt e chak lokal Vote Pi Bonè ap gen yon aparèy ADA iVotronic ki gen yon bilten vòt odyo ak tout yon bilten vòt pou aparèy manyen ekran ak asistans odyo.  Votè yo ki vle vote ak yon bilten vòt eskanè optik ka vote nan izolwa  ADA a.  Epitou, si w bezwen èd pou vote, w ka chwazi vini ak yon moun pou rantre nan izolwa a avèk w. Mande yon anplwaye biwo vòt anvan paske w ka bezwen ranpli yon fòm Deklarasyon pou Jwenn Asistans epi moun kap ede w la tou ap ranpli yon fòm Deklarasyon pou Bay Asistans. W ka mande tou pou anplwaye biwo vòt yo ede w.  Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Votè ak Bezwen Espesyal yo.

    Top

      E si yon zanmi oswa fanmi mande pou mwen ede li?
    W ka ale nan izolwa a ak yon zanmi oswa yon fanmi si se li ki mande w epi li bezwen èd pou li vote paske li enfim, paske li paka li, oswa paske li pa konprann lang lan. Votè a va bezwen ranpli yon fòm Deklarasyon pou Jwenn Asistans epi moun kap ede a tou ap ranpli yon fòm Deklarasyon pou Bay Asistans. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Votè ak Bezwen Espesyal yo.

    Top

      E si mwen demenaje epi mwen pat bay biwo eleksyon an nouvo adrès mwen?
    W fèt pou vote nan biwo elektoral ki pou adrès w an. Si w te demenaje andedan Florid epi w te enskri nan yon lòt Konte  Florid, w dwe ale nan biwo elektoral ki pou NOUVO adrès w nan Konte Miami-Dade. Pou aprann kikote w fèt pou w ale vote, rele 311 oswa ale sou paj Jwenn Biwo Vòt Pa w la.  Lè w rive, fè grefye biwo vòt la konnen ke w chanje adrès epi grefye a va ranpli yon fòm deklarasyon. Yon fwa grefye a verifye ke w enskri, lè sa-a w ka vote.

    Top

      E si mwen parèt nan move biwo vòt la?
    Anplwaye biwo vòt yo va dirije w nan lokal pou vote ki pou adrès w. W fèt pou vote nan biwo vòt ki deziyen pou adrès aktyèl w. Si w vote nan move biwo vòt, yo ka mande w vote ak yon bilten vòt pwovizwa.  Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Vòt Pwovizwa a.  Wap gen 2 jou ouvrab apre eleksyon an pou soumèt prèv ke w te elijib pou vote. W ka tcheke tou sou ki pwen bilten vòt pwovizwa w la ye nan paj Trake Bilten Vòt Pwovizwa a.

    Top

      E si mwen nan liy lè yo fèmen biwo vòt la?
    Biwo vòt yo ouvè de 7:00 a.m. a 7:00 p.m. Mèzalò, votè yo ki te deja nan liy anvan 7:00 p.m. ap kapab rete pou yo vote.

    Top

      E si yon moun eseye entimide mwen?
    Di yon anplwaye biwo vòt sa imedyatman. Si se anplwaye biwo vòt la ki pwoblèm lan, rele Sipèvizè Eleksyon an nan 305-499-VOTE (8683), oswa di yon monitè/monitris biwo vòt sa. Si se andedan biwo vòt la yon moun eseye entimide w, di yon anplwaye biwo vòt sa imedyatman. Si se deyò yon bilding biwo elektoral, andedan limit 100 pye pou solisitasyon an, ke yon moun eseye entimide w, di yon depite biwo vòt sa. Si se yon anplwaye biwo vòt ki eseye entimide w, rele Depatman Eleksyon nan (305) 499–VOTE (8683).

    Top

      Èske mwen ka rantre nan yon lokal pou vote avèk atiray kanpay sou mwen?
    Pandan ke lalwa egzije ke moun kap fè kanpay pou kandida yo oswa pou kesyon yo rete a 100 pye de rantre lokal pou vote a, votè yo ka antre nan biwo vòt la, vote epi sòti. Yo mande votè yo pa pale de ni kandida ni kesyon pandan ke yo anndan biwo vòt la.

    Top


    Kesyon Sou Ekipman pou Vote

      Èske genyen yon nouvo sistèm?
    Eta a òdone tout konte ki sèvi ak aparèy vote manyen ekran an (konpitè) konvèti a yon sistèm eskanè optik (bilten vòt sou papye).   Jou Eleksyon, yo va ba w yon bilten vòt papye epi dirije w nan yon izolwa pou revize bilten vòt la epi make chwa w yo nan ti wondèl yo ki sou bilten vòt la.  Apre w fin make wondèl ki akote chwa w yo, rantre bilten vòt papye an andedan aparèy eskanè optik DS200 la, ki va eskane bilten vòt la pou pran epi konte vòt w yo. Aparèy eskanè optik la fasil pou sèvi epi li va avize w nan ka kote w pa vote pou yon kesyon owa konkou ak kote w fè twòp chwa, sa va ba w chans korije bilten vòt w an. Pou plis enfòmasyon, ale sou paj Deskripsyon an.

    Top

      E si mwen pa konnen kouman pou'm sèvi ak ekipman pou vote a?
    Jou Eleksyon, yo va ba w yon bilten vòt papye epi dirije w nan yon izolwa pou revize bilten vòt la epi make chwa w yo nan ti wondèl yo ki sou bilten vòt la.  Apre w fin make wondèl ki akote chwa w yo, rantre bilten vòt papye an andedan aparèy eskanè optik DS200 la, ki va eskane bilten vòt la pou pran epi konte vòt w yo. Aparèy eskanè optik la fasil pou sèvi epi li va avize w nan ka kote w pa vote pou yon kesyon owa konkou ak kote w fè twòp chwa, sa va ba w chans korije bilten vòt w an. Pou plis enfòmasyon, ale sou paj Deskripsyon  an.  Si se premye fwa wap vote ak nouvo sistèm vote sou papye a, tanpri ale sou paj Demonstrasyon Videyo an.

    Top

      E si mwen pa konnen kouman pou'm vote nan yon konkou oubyen kouman pou'm vote pou yon kesyon?
    W pa oblije vote nan chak konkou oswa kesyon. W ka vote nan tout, nan kèk nan yo, oswa nan okenn ladan yo—se chwa pa w.

    Top

      E si mwen fè yon erè?
    Revize epi tcheke toude bò paj yo de bilten vòt la pou wè si yo kòrèk. Si w fè yon erè, tanpri remèt paj (yo) de bilten vòt la bay anplwaye biwo vòt la epi mande nouvo paj bilten vòt.

    Top

      Kisa pou'm fè pou'm fini vote?
    Apre w fin ranpli bilten vòt w, ale sou aparèy eskanè optik la epi rantre bilten vòt w an. Tcheke ekran an pou wè si gen okenn pwoblèm ak bilten vòt la, tankou si gen kote sou bilten vòt la kote w fè twòp chwa oswa w pat fè okenn chwa.  Peze RETOUNEN pou bilten an tounen vin jwenn w.  Peze ASEPTE pou soumèt bilten vòt la.

    Top

    space
    Si w pa kapab li dosye PDF Get Acrobat! la, ou kapab ale nan Acrobat Reader  gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
    space
    space
    Voter Tool Kit
    Twous Dokimantasyon Votè
    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  ADA Notice  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2010 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo

    You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.

    Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.