Enfòmasyon ki pral bay la yo se pou enstwi rezidan Konte Miami-Dade yo sou pwosesis vote an. Pou plis enfòmasyon, tanpri rele Depatman Eleksyon Miami-Dade nan 305-499-VOTE (8683).
|
Kestyon Pou Lavey Jou Eleksyon
|
|
Kestyon Pou Lavey Jou Eleksyon Menm
|
|
Kestyon sou aparey pou vote iVotronic yo
|
KESTYON POU LAVÈY JOU ELEKSYON
Kisa pou 'm fè si 'm te demenaje?
Si w fèk vin viv nan Konte Miami-Dade sòt yon lòt kote, rele Depatman Eleksyon nan 305-499-VOTE (8683) pou enfòmasyon sou enskripsyon pou vote. Si w demenaje andedan Konte Miami-Dade epi w te deja enskri pou w vote, rele Depatman Eleksyon nan 305-499-VOTE (8683). W kapab ale sou sitwèb depatman an tou nan home-cr.asp pou plis enfòmasyon. Tanpri sonje ke w OBLIJE enskri 29 jou anvan yon eleksyon pou w kapab vote nan eleksyon sila a.
^top
Kouman pou mwen chanje pati politik mwen oswa non mwen sou Idantifikasyon enskripsyon votè m lan?
Pou chanje pati politk oswa non w sou Idantifikasyon votè w, rele 305-499-VOTE (8683) pou jwenn enstriksyon.
^top
Kouman pou m fè pou konnen ki kote biwo vòt mwen ye?
Pou w konnen ki kote pou w ale vote, rele 305-499-VOTE (8683) oswa vizite voting_where_to-cr.asp.
^top
E si mwen poko resevwa kat enskripsyon votè mwen?
Si w te enskri pou w vote oswa w te fè yon chanjman (tankou adrès oswa pati politik) nan enskripsyon w epi w poko resevwa nouvo kat enskripsyon w, rele 305-499-VOTE (8683).
^top
Èske mwen kapab sèvi ak yon bilten pou moun ki pap la pou m vote?
Wi. Si w se yon votè enskri, w kapab mande yon bilten moun ki pap la. Demann w an dwe fèt alekri. Pou plis enfòmasyon sou sijè fè demann yon bilten moun ki pap la, rele 305-499-VOTE (8683) oswa vizite voting_absentee-cr.asp.
^top
Èske mwen kapab vote anvan Jou Eleksyon an?
Wi. Eta Florid pèmèt votè yo vote pi bonè. Vote Pi Bonè kòmanse Lendi, 16 Dawout rive Lendi 30 Dawout. Votè yo kapab al vote bilten yo nan 14 diferan lokal nan konte an. Pou jwenn lis lokal pou ale vote pi bonè yo ak pou plis enfòmasyon sou vote pi bonè, rele 305-499-VOTE (8683) oswa vizite voting_absent_earlyvoting-sites-cr.asp.
KESTYON POU JOU ELEKSYON MENM
E si mwen pa sou lis votè an?
La menm nan biwo vòt lan,yon espesyalis an verifikasyon va fè rechèch pou jwenn enfòmasyon sou yon konpitè pou wè si w enskri kòm votè. Asire w ke se pa sèlman lis biwo vòt pa w la travayè biwo vòt la tcheke men tout lis votè yo. Si travayè biwo vòt la di w ke w pa kapab vote, w gen dwa pou konnen pou ki rezon.
^top
E si travayè biwo vòt la di m mwen pa kapab vote, men mwen menm mwen panse ke m kapab?
Si travayè biwo vòt la di w pa elijib pou vote men w panse ke w elijib, w kapab sèvi ak yon bilten vòt pwovizwa. Bilten vòt pwovizwa a pèmèt w fè chwa w memjan ak si w tap vote nòmalman. Gwo diferans lan se ke chwa w yo pap konte esepte si yo vin jwenn ke w te elijib pou vote epi w te vote nan bon biwo vòt ki pou w an.
^top
E si travayè biwo vòt la ban mwen yon bilten vòt pwovizwa?
Anvan w vote sou yon bilten pwovizwa, ASIRE W KE w nan biwo elektoral ki pou adrès aktyèl w an. Bay travayè biwo vòt la adrès aktyèl w an epi mande li si w nan biwo elektoral kote w dwe vote an. Si w sèvi ak yon bilten vòt pwovizwa nan yon biwo elektoral ki pa korèk, vòt w an pap konte.
^top
Èske mwen dwe sèvi ak yon bilten vòt pwovizwa lè m sèlman bezwen chanje adrès mwen?
Non. Grefye an va ranpli yon fòm afidavid pou dokimante chanjman adrès w.
^top
E si mwen bliye Idantifikasyon m?
W kapab vote kanmèm depi non w parèt sou lis votè an epi w siyen yon fòm pou verifye non w ak adrès w. Yo pa kapab refize w dwa w pou w vote jis paske w pat vin ak Idantifikasyon oswa kat enskripsyon votè w.
^top
E si mwen pa kapab li bilten vòt la oswa mwen gen yon enfimite ki rann li difisil pou m vote?
Si w bezwen asistans pou w vote, w gen dwa vini ak yon moun pa w ke w chwazi pou rantre nan izolwa a avè'l. Mande yon travayè biwo vòt anvan paske w kab oblije ranpli yon fòm Deklarasyon pou Jwenn Asistans. W kab toujou mande travayè biwo vòt yo ède.
^top
E si yon zanmi oswa fanmi mande'm ede li?
W gendwa akonpaye yon zanmi oswa fanmi nan izolwa pou vote an si se yo ki mande w akonpaye yo epi yo bezwen asistans pou vote akòz yon enfimite, paske yo pakab li, oswa paske yo bezwen èd pou konprann lang la. Votè an va ranpli yon fòm Deklarasyon pou Jwenn Asistans.
^top
E si mwen te demenaje epi mwen pat bay biwo eleksyon yo nouvo adrès mwen?
Si w te demenaje andedan Konte Miami-Dade epi w se yon votè enskri nan Konte Miami-Dade, w dwe ale nan biwo vòt ki pou NOUVO adrès w an. Rele 305-499-VOTE (8683) pou w kab konnen ki kote pou w ale. Lè w rive la, fè grefye biwo elektoral la konnen ke w chanje adrès konsa grefye an va ranpli yon afidavid. Yon fwa grefye an verifye ke w te enskri, wap kapab vote. W kab verifye ki biwo elektoral ki kòrèk pou w nan home-cr.asp.
^top
E si m'al nan yon biwo vòt ki pa kòrèk?
Travayè biwo vòt yo dwe di w nan ki biwo vòt w dwe ale. Si yo pa di w, rele biwo Eleksyon w menm nan 305-499-VOTE (8683). W oblije vote nan biwo elektoral ki pou adrès aktyèl w an. Si w vote nan yon biwo vòt ki pa kòrèk, vòt w an kab pa konte.
^top
E si m kanpe nan liy lè biwo vòt yo fèmen?
Biwo vòt yo ouvè de 7 a.m. a 7 p.m. Mèzalò, yo va pèmèt votè ki nan liy yo vote bilten yo.
^top
E si yon moun eseye kraponnen m?
Di yon travayè biwo vòt sa imedyatman. Si se travayè biwo vòt la menm ki pwoblèm lan, rele Sipèvizè Eleksyon an nan 305-499-VOTE (8683), oswa di moun kap obsèvatè vòt yo pou li.
KESTYON SOU APARÈY POU VOTE IVOTRONIC YO
E si mwen pa konnen kòman pou m sèvi ak aparèy pou vote an?
Travayè biwo vòt yo ap disponib pou montre w kòman aparèy la fonksyone anvan w vote. Si w bezwen asistans, w dwe siyen yon deklarasyon pou jwenn asistans epi nenpòt moun-ki enkli yon fanmi oswa zanmi- a p kapab ede w vote. Travayè biwo vòt yo va ede w vote tou si w vle yo ede w. Nan chak izolwa, ap gen pannkat ak enfòmasyon sou kouman pou sèvi ak aparèy la. Si w pa wè okenn pannkat, mande pou yon moun ede w.
^top
E si ekran konpitè an pa ekri nan lang pa mwen?
Si w pale Angle, Panyòl oswa Kreyòl w gen dwa chwazi lang w prefere an. Si w fè erè, mande yon travayè biwo vòt pou chanje lang lan pou w. W gen dwa mennen yon moun ak w nan izolwa a pou tradwi pou w. Petèt wap gen pou w ranpli yon Deklarasyon pou Jwenn Asistans pou pèmèt moun sa a rantre nan izolwa a avè w.
^top
E si mwen pa konnen pou ki kandida pou m vote nan yon konkou oswa kouman pou m vote sou yon kestyon?
W pa oblije vote nan chak konkou ni sou chak kestyon. W kab vote nan tout, kèlke, oswa okenn-se chwa pa w.
^top
E si mwen fè yon erè?
W kab chanje chwa w osi souvan w vle anvan w peze bouton wouj kap flashe ki make "VOTE" an.
^top
E si aparèy la pa fonksyone byen?
Di yon travayè biwo vòt imedyatman.
^top
Kouman pou m kanpe fin vote?
Lè w fin vote nèt, sèlman peze bouton wouj kap flashe ki make "VOTE" ki sou tèt aparèy pou vote an. Tanpri note ke vòt w PAP dokimante toutan w pa peze bouton wouj "VOTE" an. Si w pa fin si kòman pou w vote, tanpri fè yon koudèy sou gid ki nan do echantiyon bilten sa a oswa mande yon travayè biwo vòt pou asistans.
^top
|