ECHANTIYON BILTEN VÒT OFISYÈL LA

   
BILTEN VÒT OFISYÈL ELEKSYON ESPESYAL YO
     
NORTH BAY VILLAGE, FLORID 29 JANVYE 2008
Pwopozisyon 1

Referandòm Bon pou Dlo Pwòp, Pak yo, ak Lwazi Biscayne Bay

Pou prezève kalite dlo Biscayne Bay, pwoteje espas lib yo kont devlopman epitou pou kreye ak renove pak yo ak sant lwazi yo, èske se pou yo otorize Vil North Bay Village emèt de bon ak obligasyon jeneral a yon maksimòm de $9,400,000 dola, bon sa yo va genyen yon to enterè ki pou pa depase maksimòm to legal la, pou yo rive atèm nan yon tan ki pa depase 30 an, epi pou yo peyab pa yon enpo sou valè ki va enpoze sou tout pwopriyete nan Vil la ki kab fiskalize, ak sipèvizyon sitwayèn?

POU BON YO
80  
KONT BON YO
81  
Pwopozisyon 2

Referandòm Bon pou yon Edifis Sirte Piblik ak Lakomin

Èske se pou yo otorize Vil North Bay Village emèt de bon ak obligasyon jeneral pou yon maksimòm de $7,900,000 dola pou konstriksyon yon edifis Sirte Piblik/Lakomin ansanm ak Depatman Ponpye ak Sekou Miami-Dade, kote se Konte Miami-Dade ki va peye pòsyon Estasyon Ponpye ak Sekou an, bon sa yo va genyen yon to enterè ki pou pa depase maksimòm to legal la, pou yo rive atèm nan yon tan ki pa depase 30 an, epi pou yo peyab pa yon enpo sou valè ki va enpoze sou tout pwopriyete nan Vil la ki kab fiskalize, ak sipèvizyon sitwayèn?

POU BON YO
83  
KONT BON YO
84  
Pwopozisyon 3

Referandòm Acha Teren pou Edifis Sirte Piblik ak Lakomin

Pou minimize depans asosye ak amenajman esansyèl yo epi konstriksyon edifis Sirte Piblik/Lakomin la, èske se pou yo otorize Vil North Bay Village twoke yon teren de 2,854.78 pye kare nan tè pwopriyete Vil la ki rive sou lizyè nò pwopriyete 1345 N.E. 79th Street (Kennedy Causeway), an echanj pou yon teren 2,746.29 pye kare ki chita nan kwen sidès 1345 N.E. 79th Street (Kennedy Causeway), ki se pwopriyete North Bay Village, FAA LLC?

POU REFERANDÒM
86  
KONT REFERANDÒM
87  
Pwopozisyon 4

Referandòm Bon pou Amenajman Estetik ak Peyizaj sou Wout John F. Kennedy Causeway nan Vil North Bay Village

Èske se pou yo otorize Vil North Bay Village emèt de bon ak obligasyon jeneral pou yon maksimòm de $2,000,000 dola pou anbeli wout John F. Kennedy Causeway nan North Bay Village la, dapre konstriksyon sèten akseswa pou antre wout la epi renovasyon mitan wout la, peyizaj, irigasyon, pasaj pyeton yo, amenaje twotwa yo ak ekleraj, bon sa yo va genyen yon to enterè ki pou pa depase maksimòm to legal la, pou yo rive atèm nan yon tan ki pa depase 30 an, epi pou yo peyab pa yon enpo sou valè ki va enpoze sou tout pwopriyete nan Vil la ki kab fiskalize, ak sipèvizyon sitwayèn?

POU BON YO
89  
KONT BON YO
90