ECHANTIYON BILTEN VÒT OFISYÈL LA

   
BILTEN VÒT OFISYÈL ELEKSYON PRIMÈ PREFERANS PREZIDANSYÈL
PATI REPIBLIKEN
KONTE MIAMI-DADE, FLORID 29 JANVYE 2008
PREZIDAN
(Vote pou youn)
Rudy Giuliani
11  
Mike Huckabee
12  
Duncan Hunter
13  
Alan Keyes
14  
John McCain
15  
Ron Paul
16  
Mitt Romney
17  
Tom Tancredo
18  
Fred Thompson
19  
   

   
ETA
     
KONTE MIAMI-DADE, FLORID 29 JANVYE 2008
NIM. 1
REVIZYON KONSTITISYONÈL
ATIK 7, SEKSYON 3, 4, AK 6
ATIK 12, SEKSYON 27
(Lejislatif)

Egzansyon Lokatif yo; Limitasyon sou Evalyasyon Enpo Lokatif yo

Revizyon sa-a pwopoze chanjman nan Konstitisyon Eta a ki an rapò ak fiskalite pwopriyete.  Konsènan pwopriyete homestead (abitasyon prensipal), revizyon sa-a:  (1)  ogmante egzansyon homestead la esepte pou enpo distrik lekòl yo epi  (2)  pèmèt mèt pwopriyete homestead yo transfere jiska $500,000 de benefis Save-Our-Homes yo an sou pwochen homestead yo an.  Konsènan pwopriyete ki nonhomestead yo, revizyon  (3)  sa-a mete disponib yon egzansyon de $25,000 pou pwopriyete byen mèb pèsonèl epi  (4)  limite ogmantasyon dapre evalyasyon pou dè pwopriyete imobilye nonhomestead byen espesifik esepte pou enpo distrik lekòl yo.
     Nan plis detay, revizyon sa-a:
     (1) Ogmante egzansyon homestead la nan egzante valè evalye pou pwopriyete an ant $50,000 ak $75,000.  Egzansyon sa-a pa aplikab pou enpo distrik lekòl yo.
     (2) Mete anplas pou transfè benefis Save-Our-Homes ki akimile yo.  Mèt pwopriyete homestead yo pral kapab transfere benefis Save-Our-Homes yo a nouvo pwopriyete homestead yo anvan 1 an pase epi pa pliske 2 an apre ke yo remèt ansyen homestead la; esepte, si revizyon sa-a apwouve pa votè yo an janvye 2008 epitou si nouvo homestead la etabli jou 1e janvye, ansyen homestead la ta fèt pou li te remèt an 2007.  Si nouvo homestead la genyen yon jis valè ki pi plis ke ansyen an, benefis ki te akimile an kapab transfere; si nouvo homestead la genyen yon jis valè ki pi ba, benefis ki te akimile an va redwi.  Benefis kap transfere an pa gen dwa depase $500,000.  Dispozisyon sa-a aplikab pou tout enpo yo.
     (3) Otorize yon egzansyon enpo lokatif de $25,000 de valè evalye sou byen mèb pèsonèl.  Dispozisyon sa-a aplikab pou tout enpo yo.
     (4) Limite a 10 pousan chak ane ogmantasyon evalyasyon yo pou de pwopriyete imobilye nonhomestead byen espesifik.  Yo va evalye pwopriyete an a jis valè apre yon amelyorasyon, jan sa etabli nan lwa jeneral yo, epitou li gen dwa evalye a jis valè apre si pwopriyete a chanje mèt oswa chanjman nan kontwòl pwopriyete a depi sa etabli nan lwa jeneral yo.  Limitasyon sa-a pa aplikab pou enpo distrik lekòl yo.  Limitasyon sa-a va aboli nan dat 1e janvye 2019 la, esepte si li renouvle pa vòt votè yo nan eleksyon jeneral kap fèt an 2018 la.
     Kidiplis, revizyon sa-a:
     a. Aboli langaj demode sou egzansyon homestead la lè li mwenske $25,000 epi ki pat aplike inifòmite sou enpo lokatif ke tout gouvènman lokal yo kolekte.
     b. Mete anplas pou yo aboli egzansyon homestead yo si yon fiti amannman konstitisyonèl etabli pou evalyasyon de homestead yo "a mwenske jis valè" olyeke jan sa aktyèlman etabli "a yon pousantaj espesifik" de jis valè an.
     c. Etabli orè chanjman yo ki va anvigè yon fwa apwouve pa votè yo epi retroaktif apati 1e janvye 2008, si apwouve pa votè yo nan eleksyon espesyal kap fèt 29 janvye 2008 la, oswa pou li anvigè 1e janvye 2009, si apwouve nan eleksyon jeneral novanm 2008 yo.  Limitasyon an ogmante sou evalyasyon anyèl sou de pwopriyete imobilye byen espesifik ki va premyèman aplikab pou bòdwo enpo detaye 2009 la si revizyon sa-a apwouve nan eleksyon espesyal kap fèt 29 janvye 2008, oswa li va aplikab premyèman nan bòdwo enpo 2010 la si revizyon yo apwouve nan eleksyon jeneral kap fèt an novanm 2008.

WI
30  
NON
31  
   

   
BILTEN VÒT OFISYÈL ELEKSYON ESPESYAL YO
     
KONTE MIAMI-DADE, FLORID 29 JANVYE 2008
Kestyon Konte Nim. 1

Amannman Konstitisyon Otonòm Miami-Dade an Relasyon ak Dat Kalifikasyon pou Sèten Pòs Eli Konte an

Èske se pou yo amande Konstitisyon an pou yo vanse a twa semèn pi bonè peryòd kalifikasyon pòs eli Konte Miami-Dade yo, jan lwa Eta a egzije?

WI
40  
NON
41  
Kestyon Konte Nim. 2

Amannman Konstitisyon Otonòm pou Chanje Pòs Evalyatè Pwopriyete a de yon Pòs Nonmen a yon Pòs Eli

Èske se pou yo amande Konstitisyon an pou yo mete anplas transfè nan pozisyon Evalyatè Pwopriyete Konte a de yon moun ke yo te nonmen nan pòs la e ki te sipèvize pa Majistra a, a yon moun kap eli epitou kap sijè a revokasyon pa votè yo?

WI
43  
NON
44  
Kestyon Konte Nim. 3

Machin Djapòt yo Va Limite a Lokal Kous Chwal ak Kous Chyen yo epi nan "Jai Alai Frontons" ki Deja Anplas yo

Èske yo dwe pèmèt jwèt aza machin djapòt nan lokal kous chwal ak kous chyen yo epi nan "jai alai frontons" ki deja an plas yo nan Konte Miami-Dade jan sa otorize epi sijè a restriksyon yo dapre lwa Eta-a epi resèt taks Eta sou tout machin djapòt yo dwe itilize pou siplemante finansman edikasyon piblik nan tout Eta-a?

WI
46  
NON
47