Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Elections
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Enfòmasyon pou | Enskripsyon | Fason pou Vote | Sistèm Vòt | Sal Medya | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Enfòmasyon pou space
  • Kandida yo ak Komite yo
  • Travayè Biwo Vòt yo
  • Votè yo
  • Votè ak Bezwen Espesyal
  • space
    Enskripsyon space
  • Elijibilite
  • Kouman pou Enskri
  • Dat Limit Enskripsyon
  • Chanjman nan Enskripsyon yo
  • Kat Enfòmasyon Votè
  • space
    Fason pou Vote space
  • Vote pi Bonè
  • Vote pa Korespondans
  • Pou Vote nan Jou Eleksyon
  • Bilten Vòt Pwovizwa
  • space
    Sistèm Vòt space
  • Deskripsyon Nouvo Sistèm Vòt
  • Demonstrasyon sou Videyo
  • space
    Sal Medya space
  • Kalandriye Elektoral
  • Rezilta Eleksyon
  • Pwogram Asistans Kòminotè
  • Ofisyèl Eli yo
  • Rapò Finansye
  • Djòb sou Kote
  • Nòt Deprès yo
  • Resous Adisyonèl yo
  • space
    space space
    Print Print Email this page E-mail Page Contact Webmaster Contact Webmaster Bookmark and Share
    space
    space

      

    space
    Bilten Vòt Pwovizwa


    Dapre Lwa Eta Florid, yon votè ki deklare ke li te enskri nan eta-a epi ke li elijib pou vote nan yon biwo vòt nan eleksyon an, men yo paka detèmine elijibilite li, va gen dwa vote ak yon bilten vòt pwovizwa.

    Moun sa you gen dwa vote ak yon Bilten Vòt Pwovizwa si:

    • Non votè a pa parèt nan rejis la epi yo paka verifye elijibilite votè a.
    • Votè a konteste konfimasyon biwo sipèvizè a ki di ke li pa enskri epi/oswa li pa elijib.
    • Rejis biwo vòt la endike ke votè a te mande yon bilten vòt pa korespondans epi votè a pa vini ak yon bilten vòt pou li remèt. Travayè biwo vòt la paka verifye ke votè a poko vote.
    • Rejis biwo vòt la endike ke votè a te soumèt yon bilten vòt pa korespondans oswa li te vote nan yon lokal vote pi bonè, men votè a kontinye di ke li poko vote, menm apre yo rele biwo a (Santral Eleksyon).
    • Rejis biwo vòt la endike ke yo te konteste dwa votè a pou li vote nan eleksyon sa-a.
    • Yo konteste dwa votè a pou li vote nan biwo vòt la.
    • El elector es cuestionado en el recinto electoral.
    • Siyati votè a pa matche ak siyati ki nan dosye yo, epi li derefize siyen yon affidavit.
    • Rejis biwo vòt la endike ke Nimewo Lisans Florid, Nimewo Kat Didantite Florid oswa Nimewo Sekirite Sosyal votè a poko verifye pa Depatman Deta ansanm ak Depatman Sikilasyon (DHSMV).

    Yon fwa li vote, yo va plase bilten vòt pwovizwa a nan yon anvlòp konfidansyèl epi apre sa yap kachte li nan yon anvlòp bilten vòt pwovizwa. Yo va depoze bilten vòt pwovizwa a nan yon bwat bilten vòt. Tout bilten vòt pwovizwa va rete kachte nan anvlòp yo pou retounen bay sipèvizè eleksyon an.

    Yon moun kap vote ak yon bilten vòt pwovizwa va gen dwa pou li prezante prèv alekrit bay sipèvizè eleksyon an ki montre ke li elijib pou vote pa pita ke 5 p.m. nan dezyèm jou apre eleksyon.

    Si yo detèmine ke moun lan te enskri epi li gen dwa pou li vote nan biwo vòt la kote li te vote nan eleksyon an, asanble sètifikasyon an va konpare siyati ki sou Sètifika ak Afimasyon Votè pou Bilten Vòt Pwovizwa a ak siyati ki sou kat enskripsyon votè a epi, si li matche, bilten vòt la va konte.

    Si yo detèmine ke moun kap vote ak bilten vòt pwovizwa a pat enskri oswa li pat gen dwa vote nan biwo kote li te vote nan eleksyon an, bilten vòt pwovizwa a pap konte epi bilten vòt la va rete nan anvlòp ki genyen Sètifika ak Afimasyon Votè pou Bilten Vòt Pwovizwa a epitou anvlòp la va make "Rejected as Illegal" (Rejte kòm Ilegal).

    Enfòmasyon konsènan bilten vòt pwovizwa yo va disponib pa pita ke 30 jou apre eleksyon an.

    Tcheke estati Bilten Vòt pwovizwa w a ak sistèm Repere Bilten Vòt Pwovizwa a.

    Pou yon lis de pyès idantifikasyon ki apwouve, tanpri gade nan Twous Dokimantasyon Votè a.

    space
    space
    Voter Tool Kit
    Twous Dokimantasyon Votè
    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2009 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo

    You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.

    Please click 'OK' to be sent to the new site.