Konte Miami-Dade pran dè dispozisyon pou asire ke tout moun, enkli votè enfim yo, kapab vote. Chak lokal pou vote va aksesib dapre règleman ADA. Chak lokal pou vote va genyen tou yon aparèy manyen ekran ADA ki ofri yon bilten odyo espesifikman pou votè ki pa wè byen yo oswa ki pa byen konn li. Pou votè ki enfim yo, aparèy manyen ekran ADA a gen kapasite tou pou li ofri yon bilten odyo manyen ekran ki gide votè a. Pou votè ki vle vote sou nouvo aparèy optik la, izolwa ADA yo va disponib tou nan tout lokal pou vote yo.
Lwa Aksesibilite Vote pou Grandèt ak Andikape
Lwa Aksesibilite Vote pou Grandèt ak Andikape 1984 la egzije lokal pou vote yo fizikman aksesib a moun enfim pou eleksyon federal yo. Lwa sa-a egzije tou ke enfòmasyon yo disponib pa aparèy telekominikasyon pou moun soud yo (TDDs), ke nou konnen tou sou non teletypewriters (TTYs).
-
Tout lokal pou vote yo aksesib a moun andikape.
-
Vote pa avèk Bilten Vòt pa Korespondans disponib a tout votè sou demann apwopriye.
-
Telekominikasyon aksesib disponib nan 305-499-8480 (vwa/TTY)
|